22/06/2026
Kisa maladi emowoyid lan ye,maladi ke nou toujou rele deyè sòti an.
Like kòmante e pataje tèks lan pou plis moun ka gen konesans desa.
Kisa emowoyid lan ye?
Emowoyid lan prodwi se lè vèn ki nan deyè an dilate sa vle di li vin pi gwo ke jan li te ye an.
Li nòmal pou vèn yo dilate lè nap twalèt, men lè li dilate twop li pesiste li koz problèm sa.
Emowoyid lan ka andedan twou dèyè(entèn),konsa tou li ka deyò twou dèyèw (eztèn) sa depan de lokalizasyon an.
Kisa ki koz li?
-Predispozisyon jenetik.
-Siw ansent ou riske pou genyen akoz de presyon iteris lan pral fè sou anis lan.
-Obezite (lè nou pran twop pwa sa vle di lèw vin two gwo)
-Lèw chita anpil.
-Lèw pote bagay ki twò lou.
-Sèks anal(lèw fè bagay nan twou dèyèw).
-Konstipasyon.
-Diare kronik.
-Siw pa renmen bwe dlo.
-Siw konn bwe anpil alkòl.
-Siw renmen kenbe twalèt lèw genyenl.
Ki siy ak sentòm li?
-Wap gen gwo doulè ak difikilte pouw twalèt.
-Moun nan ap santi twou dèyèl ap brilel.
-Lap genyen demanjezon(sa vle di moun nan ap anvi grate tou dèyèl).
-Lè wap twalèt, twalèt lan konn sòti ak san ladanl.
Diferan stad emowoyid lan genyen?
-Premyè stad lan tou dèyè moun nan ap nòmal pa kont ap gen yon ti anfle tou piti nan dèyèw,lè wap twalèt lap brilew epi lap baw doulè.
-Nan 2em stad lan emowoyid entèn nan ap kòmanse sòti e li rediktib tou sa vle di pandan moun nan ap fè yon efò li kapab sòti e li kapab antre pou kont li tou.
-Nan 3em stad la sitou lè moun nan ap twalèt lèl sòti li tou rete net se moun nan ki pral oblije fèl antre avèk menl.
-Nan 4em stad lan lèl sòti li tou rete deyò a nèt menm si ou ta eseye fèl antre avèk menw li pap kapab.
Kòman li kapab trete?
Trètman an baze sou yon rejim alimantè ki rich an fib tankou(kanèl,epina,melon,pòm,banan mi,abriko,diri, ble, avwann,lejim,karòt,chou,papay,zoranj,salad,ect) tout tan emowoyid lan poko trete evite konsome kafe,alkòl,piman,evite manje ki gen twop epis,evite konsome manje ki gen anpil grès ak sèl,evite manje ki gen anpil farine,bwe anpil dlo, itilize ti dlo tyèd pou fè twalèt,al lopital pou yo ka ba nou medikaman,sinon emowoyid lan ka vin rive nan faz ki grav se operasyon pouw fè.
Kèk konsèy pou evite emowoyid ?
Pa kenbe twalèt anpil,paske lè sa likid ki fasilitew fè sa byen an gen yon nonb de tan li fè lèl pa la se ou menm ki pral fòse e konsa ou ka tou devlope yon kriz emowoyid,manje aliman ki rich an fib,fè anpil egzesis fizik,diminye kantite pwa ke wap pran,bwe anpil dlo,pa rete chita anpil.
Like,kòmante,pataje tèks lan.
Dr.Prud'homme
Kontak WhatsApp :50942729750
Klike sou lien an pou abòne.
https://www.facebook.com/share/1DQ3wtU4vc/