S.F.F Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de S.F.F, Maternité, santefemmeetfamillesff@gmail. com, Port-au-Prince.

Santé femme et famille
Une plateforme centrée sur la santé des femmes, des adultes et des enfants, qui met l’éducation en priorité pour mieux prévenir et protéger la santé de tous.

🛑🛑 ÈSKE OU KA VIN ANSENT ANKÒ TOUSWIT APRE AKOUCHMAN?Apre akouchman, kò nou antre nan yon faz rekiperasyon ki inik pou c...
26/05/2026

🛑🛑 ÈSKE OU KA VIN ANSENT ANKÒ TOUSWIT APRE AKOUCHMAN?

Apre akouchman, kò nou antre nan yon faz rekiperasyon ki inik pou chak manman. Pandan w ap obsève chanjman nan liy kò w, anpil moun poze tèt yo kesyon sou retou s*k règ la.

Wi OU KA VIN ANSENT ANVAN MENM OU WÈ RÈG OU RETOUNEN.

Li enpòtan pou nou sonje ke kò chak fanm gen pwòp ritm li: pou kèk moun, règ la ka retounen kèk semèn apre akouchman an, pandan ke pou lòt moun ki ap bay tete eksklizif, sa ka pran plizyè mwa.

Sa nou dwe konnen ✅️

Li posib nèt pou ovilasyon an rive anvan premye règ ou parèt apre akouchman an, sa ki fè yon nouvo gwosès posib anvan menm ou santi ou retounen nan s*k nòmal ou.

Malgre bay tete gen avantaj konsiderab, men li pa kapab sèvi kòm yon metòd kontrasepsyon ki garanti pwoteksyon total.

Espas ant de gwosès (espacement des naissances) se yon eleman kle pou pèmèt kò w refè nèt epi asire pi bon kondisyon sante posib pou ou ak pou lavni fanmi w.

Sepandan, li vrèman esansyèl pou nou pa tann retou règ la pou nou kòmanse panse ak planifikasyon fanmi, ( fè yon metòd planin) paske kò a ka ovile epi vin ansent anvan menm premye règ la parèt.

Lovely Marc
Infirmière licenciée d’État
Sage-femme en formation
MSI

26/05/2026

Sa te jiwòf la fè medam?

ATANSYON:⚠️ OU PA BEZWEN WOULE TÈT TI BEBE A POU L GEN BÈL FÒM!Nou tout vle pitit nou gen yon "bèl fòm tèt", epi souvan ...
25/05/2026

ATANSYON:⚠️ OU PA BEZWEN WOULE TÈT TI BEBE A POU L GEN BÈL FÒM!

Nou tout vle pitit nou gen yon "bèl fòm tèt", epi souvan nou fè sa ak tout bon entansyon nan kè nou. Men, antanke pwofesyonèl sante, mwen santi mwen gen devwa pou m di w sa: Pratik "woule tèt" la se yon danje ki kache dèyè tradisyon.

Anpil moun panse se sèlman sou po a oswa fòm tèt la n ap travay, men tèt tibebe a se veso ki pwoteje sèvo l. Lè w ap woule tèt la ak fòs pou chanje fòm li, men sa w ap fè vrèman:

Tèt bebe a gen zòn ki mou (fontanèl) ki poko fèmen nèt. Nenpòt presyon fò sou zo tèt la kapab transmèt presyon anndan an, sa ki ka deranje s*kilasyon san oswa devlòpman nòmal nan zòn sansib sa yo.

SA NOU DWE KONNEN✅️

Lè n ap "woule" tèt li, nou pa konnen si n ap peze sou yon pati nan zo ki mou oswa si n ap fè misk kou li mal. Li pa ka di "mwen gen doulè", men kò l ap soufri an silans.

Tèt tibebe a ap pran fòm li natirèlman pandan misk kou l ap vin pi fò.

Olye w woule tèt la, varye pozisyon l. Lè l ap dòmi, lè l ap jwe, fè l gade toude bò yo.

Se ou ki responsab pou w di "non" ak kwayans ki mete pitit ou an danje, menm si se granmoun ki toupre w ki ba w konsèy sa a.

Pa kite presyon sosyal oswa kwayans tradisyonèl yo fè w bliye sa syans medikal di. Tèt pitit ou a ap vin bèl si l an sante, si l byen manje, epi si l byen devlope nan pozisyon natirèl li.

❓️Èske w te janm santi w fòse pa fanmi w pou w fè yon bagay pou bebe w la pandan w pa t dakò? Pataje avè m nan kòmantè yo, ann pale san jijman.

Lovely Marc
Infirmière licenciée d’État
Sage-femme en formation
MSI

🛑 ​🛑 KILÈ YON FI KA REPRANN RAPÒ SEKSYÈL APRÈ LI FIN AKOUCHE?Se yon kesyon anpil manman ak anpil papa poze an kachèt, me...
23/05/2026

🛑 ​🛑 KILÈ YON FI KA REPRANN RAPÒ SEKSYÈL APRÈ LI FIN AKOUCHE?

Se yon kesyon anpil manman ak anpil papa poze an kachèt, men yo souvan pè pale de sa.

An jeneral, pwofesyonèl lasante yo rekòmande pou koup la tann omwen 4 a 6 semèn (sa yo rele peryòd lochi ) anvan yo reprann rapò seksyèl, kit fi a te akouche nòmal, kit se te pa Sezaryèn.

POUKISA LI ENPÒTAN POU NOU TANN❓️

Kote plasenta a te kole nan matris la se tankou yon gwo blesi ki anndan an. Li pran tan pou l fèmen nèt. Si gen rapò anvan sa, gen gwo risk pou mikwòb antre epi bay gwo enfeksyon.

Si yo te koud fi a, fòk po a ak veso san yo jwenn tan pou yo byen kole.

Pandan premye semèn yo, kòl matris la rete yon ti jan ouvè pou kite san (lochi) koule. Sa rann kò fi a pi frajil.

​⚠️ 3 bagay enpòtan pou mesye yo ak medam yo konnen:

Menm apre 6 semèn yo fin pase, li posib pou fi a gen yon ti sechrès nan nivo vajen an (sitou si l ap bay tete, akoz chanjman òmonal yo). Sèvi ak yon bon grès (lubrifiant) ka ede anpil

Yon nouvo bebe pote anpil fatig ak estrès. Medam yo ka pa gen gwo anvi pou sa touswit. Mesye yo bezwen gen anpil pasyans, dousè, ak konpreyansyon. Pwosesis la dwe fèt nan dyalòg ak konsantman de (2) pati yo.

Se pa paske yon fi ap bay tete sèlman oswa règleman l pa ko tounen ki fè l pa ka tonbe ansent. Depi n ap reprann aktivite yo, li enpòtan pou n pale ak yon pwofesyonèl (Saj-fanm oswa Doktè) pou n chwazi yon metòd planifikasyon familyal ki apwopriye.

✅️Pi bon moman an se lè fi a santi l pare fizikman ak mantalman, epi apre vizit kontwòl 6 semèn nan te fin fèt.📌

Lovely Marc
Infirmière licenciée d’État
Sage-femme en formation
MSI

" Nou mèt pa lave l ( pati entim fi) jis manje anana tout bagay ap regle" nou toujou tande medam yo di sa ak yon asirans...
22/05/2026

" Nou mèt pa lave l ( pati entim fi) jis manje anana tout bagay ap regle" nou toujou tande medam yo di sa ak yon asirans.

​🛑 ÈSKE MANJE ANANA KA EDE NETWAYE PATI ENTIM FANM YO VRE???

Anpil moun panse si yon fi manje anana oswa bwè ji anana, sa pral "netwaye" vajen li oswa chanje odè li. Ann gade sa syans di sou sa pou n konprann sa ki fòs ak sa ki fo.

Anana se yon fwi ki ekselan pou kò a, epi li pote anpil bon bagay pou sante an jeneral:

​Li chaje ak Vitamin C: Sa ede ranfòse sistèm iminitè a (defans kò a), sa ki pèmèt kò a goumen pi byen kont enfeksyon, gen ladan yo enfeksyon nan zòn entim lan.

​Li gen Bromelain: Sa se yon anzim natirèl ki gen gwo pouvwa anti-enflamatwa. Li ede kò a jere enflamasyon ak amelyore dijesyon.

​Li rich nan dlo ak antioksidan: Li ede kò a rete byen idrate epi elimine toksin, sa ki bon pou tout po kò a.

Malgre tout gwo avantaj sa yo, anana pa gen okenn pouvwa majik sou vajen an:

​Vajen an netwaye tèt li otomatikman: Li pa b
ezwen okenn fwi, okenn ji, ni okenn pwodwi chimik pou netwaye li. Se yon sistèm pafè ki regle anndan li pou kont li grasa bon baktifaj (flore vaginal) ki ladan l lan.

​Li pa chanje odè natirèl la: Chak fi gen yon odè natirèl ki an sante ki lye ak pH zòn lan. Manje anana pa pral fè vajen an pran sant anana.

​Li pa trete enfeksyon: Si yon fi gen yon pèt blanch ki gen move odè, ki chanje koulè (jòn, vèt, oswa lèt kaye), oswa k ap grate l, se pa anana k ap rezoud sa. Sa se yon siy enfeksyon ki mande pou l wè yon pwofesyonèl sante (medsen oswa sajfam) pou ba li bon medikaman.

SA NOU DWE KONNEN✅️

Manje anana paske li gou epi li bon pou lasante, men pa janm mete ji anana ni okenn lòt bagay anndan vajen an, epi pa konte sou li pou netwaye zòn nan.
Pou yon zòn entim ki an sante: dlo pwòp pou lave deyò a sèlman, kilòt koton, ak yon vizit kay pwofesyonèl sante si gen yon pwoblèm!

Lovely Marc
Infirmière licenciée d’État
Sage-femme en formation
MSI

​ ​ ​ ​

🔴​🔴🔴 ÈSKE LI NÒMAL POU YON FANM LAVE ANNDAN VAJEN L POU L SANTI BON OSWA POU L " Sere "?An Ayiti, gen yon gwo presyon la...
21/05/2026

🔴​🔴🔴 ÈSKE LI NÒMAL POU YON FANM LAVE ANNDAN VAJEN L POU L SANTI BON OSWA POU L " Sere "?

An Ayiti, gen yon gwo presyon lasosyete mete sou fanm pou vajen yo toujou santi "pafen" oswa pou l "sere kou wòch".
Sa ki konn lakòz, anpil fanm tonbe nan lave anndan ak dlo tyèd ak sèl, fèy tibonm, vinèg, oswa pwodwi ijyèn entim yo vann nan famasi, san se pa yon pwofesyonèl sante ki te preskri yo.

SA NOU DWE KONNEN 📌

Anndan vajen an gen yon lame "bon mikwòb" (la flore vaginale) ki la pou pwoteje l kont enfeksyon.

Chak fwa w mete dlo sèl, savon, oswa fèy anndan l, ou touye bon mikwòb sa yo. 🚫
Tout mikwòb ap ka rantre jan yi vle!

Lè w mete fèy oswa dlo sèl ak vinèg anndan vajen an, li seche po a nèt epi li fè l anfle. Se sa k ba w enpresyon li "sere" a. Men an reyalite, po a blese ak irite. Sa ap rann rapò seksyèl yo fè w mal (sa k ap retire tout plezi w), epi li ka menm ba w gwo maladi nan matris pita.⚠️

Vajen an gen yon odè natirèl ki pwòp a li menm. Si odè a chanje (li vin santi pwason gate oswa li gen lòt koulè), solisyon an se pa kouri al lave anndan l pou kache odè a. Sa tankou yon moun ki mete pafen sou yon pil fatra! Solisyon an se wè yon pwofesyonèl sante (Saj-fanm oswa Jinekològ) pou ba w bon tretman.

SA NOU DWE FÈ✅️✅️

Mete kilòt ki fèt an koton epi evite rad ki twò sere pou anpeche chalè ak imidite devlope mikwòb.✅️

Sispann pouse dlo sèl, fèy, oswa savon anndan vajen an. Lave deyò sèlman (vulve la) ak dlo kòrèk✅️.

Si zòn entim ou gen odè, demanjezon, oswa pèdisyon ki chanje koulè, kouri al wè yon saj-fanm oswa yon jinekològ olye w fè remèd tèt ou✅️

Lovely Marc
Infirmière licenciée d’État
Sage-femme en formation
MSI

🛑 ​🛑 MWEN KONNEN LI DIFISIL POU NOU KITE KOUTIM BOKIT DLO CHO A, MEN AN N GADE ANSANM KÒMAN NOU KA LIMITE DEGA YO.​Nan k...
18/05/2026

🛑 ​🛑 MWEN KONNEN LI DIFISIL POU NOU KITE KOUTIM BOKIT DLO CHO A, MEN AN N GADE ANSANM KÒMAN NOU KA LIMITE DEGA YO.

​Nan kad pratik enfimyè mwen, mwen rann mwen kont edikasyon se poto mitan lasante. Se yon dwa fondamantal pou pasyan resevwa bon jan enfòmasyon ki baze sou prèv syantifik, yon fason pou yo ka bay yon konsantman ki byen eklere sou chwa k ap fèt pou kò yo.

Kòm pwofesyonèl sante, mwen konnen mès ak koutim yon pèp pa efase konsa. Anpil manman konn di m franchman: « Miss, menm si w di m non, m t ap toujou fè l pou m netwaye kò m. »

Misyon nou se pa goumen ak koutim sa yo, men se fè yon negosyasyon kiltirèl pou limite konplikasyon klinik yo.
Reyalite nou konstate nan sèvis obstetrik yo montre nou fòk nou pale klè:

​⚠️ 3 GWO RISK KI GENYEN AK PRATIK PRAN VAPÈ A :

1) Po zòn entim ou vin frajil ak sansib anpil aprè gwo travay akouchman an. Gwo chalè vapè a ka fasilman boule po a, epi tounen yon lòt sous doulè nan moman ou sipoze ap jwi ti bebe w la.

2) Si yo te koud ou, chalè dlo a ka fe fil yo glise epi fè kouti a pete. Blesi a ap louvri ankò, sa ki ka lakòz ou retounen sou tab operasyon pou yo rekoud ou.

3) Lè po a fin boule oswa kouti a fin pete, zòn nan vin vilnerab anpil. Sa bay mikwòb yo yon pòt louvri pou yo antre nan kò w, sa ki ka ba w gwo lafyèv epi mete lavi w an danje.

📌 KIJAN NOU KA EVITE KONPLIKASYON SA YO?

Vapè a dwe tyèd. Si l twò cho pou po men w, li pi danjere toujou pou zòn entim ou.

Evite chita sou vapè nèt jiskaske blesi a fin geri epi fil yo tonbe. Chalè a se lènmi kouti yo!

Sonje, Koutim yo enpòtan, men lavi n pi enpòtan toujou. Ann pwoteje lavi nou pou n k pran swen pitit nou.🫂

Referans :
OMS ( Postnatal Care Guidelines)
ACOG (American College of Obstetricians and Gynecologists)
ICM: (Preventing perineal trauma).

Lovely Marc
Infirmière licenciée d’État
Sage-femme en formation
MSI( IPF)

🛑 ​🛑 ANVAN W CHITA SOU BOKIT DLO CHO A, LI SA A!​Anpil nan nou grandi ap gade manman nou ak grann nou k ap prepare bokit...
15/05/2026

🛑 ​🛑 ANVAN W CHITA SOU BOKIT DLO CHO A, LI SA A!

​Anpil nan nou grandi ap gade manman nou ak grann nou k ap prepare bokit emaye ak fèy maskriti, twonpèt, ak lorye pou nou "chita sou li" apre akouchman.

Yo di se pou netwaye san an, evite enfeksyon, epi "sere" bouboun lan. Men, kòm pwofesyonèl lasante, nou dwe di w verite syantifik la.

​ Sa lasyans di sou 3 gwo mit sa yo:

​Dlo cho a pa gen okenn wout pou l al "rache" san nan matris ou. Se yon òmòn ki rele Oksitosin ki fè matris la kontrakte pou l mete san deyò (lochi). Si san rete anndan, se yon ijans epi se doktè ki pou jere sa, se pa vapè dlo cho.

​Vajen an se yon misk. Chalè a pa sere misk, okontrè li ka fè pati entim ou anfle (enflamasyon). Sa ba w yon fo enpresyon li sere, men se tisi yo ki irite. Pou w "sere" toutbon, se Egzèsis Kegel pou w fè.

Vapè ki twò cho a ka touye bon mikwòb (la flore vaginale) ki la pou pwoteje w. Sa ka rann ou pi frajil devan enfeksyon olye li pwoteje w.

SA NOU DWE KONNEN📌

​Pa boule kò w, Si w renmen tradisyon an, dlo a dwe tyèd, li pa dwe ap bouyi pou l pa boule po w ki trè sansib.
​Bwè dlo (tanperati ki konfòtab pou ou) pi efikas pou ede kò w refè.

​Egzèsis " Kege"l Se sèl fason medikal pou misk vajen an reprann fòs li ak tonisite l apre bebe a fin pase.

Si pandan akouchman an doktè oswa Sajfanm lan te ba w "ti kout sizo" (epizyotomi) oswa si w te chire epi yo te koud ou ( epizyorafi), fè anpil atansyon!

​Ou pa dwe chita sou dlo cho toutotan s*katris la pa geri nèt. Chalè a ka fè fil yo lache, li ka fè blesi a anfle, epi li ka louvri pòt pou gwo enfeksyon.

Tann kò a pran fòs li anvan, epi toujou mande enfimyè w oswa doktè w pèmisyon.

Tradisyon nou yo bèl epi yo fè pati idantite nou, men ann fè yo ak anpil pridans. Sante w ak sekirite kò w dwe toujou pase anvan!

​Referans: OMS (Organisation Mondiale de la Santé) & ACOG (Postpartum Care).

Lovely Marc
Infirmière licenciée d’État
Sage-femme en formation
MSI

Entre Soins de Maternité respectueux et Soins holistiques , Je suis là où le respect rencontre l'approche holistique.​En...
12/05/2026

Entre Soins de Maternité respectueux et Soins holistiques , Je suis là où le respect rencontre l'approche holistique.

​En ce 12 mai, je réaffirme mon identité de soignante

celle qui accompagne la maternité avec dignité et qui voit en chaque patiente un être entier.

Bonne fête à nous tous qui faisons battre le cœur de la santé ! 🥂✨

Lovely Marc
Infirmière licenciée d’État
ESF
MSI




​ ​

🛑 Kansè Kòl Matris: Yon maladi nou ka evite!​Kansè kòl matris la se yon maladi ki devlope nan pati anba matris la kote s...
09/05/2026

🛑 Kansè Kòl Matris: Yon maladi nou ka evite!

​Kansè kòl matris la se yon maladi ki devlope nan pati anba matris la kote selil kòl matris la kòmanse chanje fason yo grandi.

Pifò nan tan, se yon viris yo rele HPV (Human Papillomavirus) ki lakòz li. Se yon viris ou ka pran nan rapò seksyèl ak yon moun ki pote viris la nan sèks li.

​Sa ki pi rèd la, kansè sa a souvan pa bay doulè nan kòmansman, sa vle di yon fanm ka genyen l san l pa konnen.

Men, gen yon bon nouvèl 💃 kansè nan kòl matris se youn nan kansè nou ka anpeche nèt si nou aji bonè.

​Pi bon fason pou w pwoteje lavi w se fè Pap Test ou regilyèman.

Egzamen sa a pèmèt nou jwenn ti chanjman yo depi byen bonè, anvan menm yo tounen yon maladi grav.😇

Anpil fwa, lè nou tande pale de Pap Test, nou pè. Gen anpil koze k ap s*kile, sitou sou ti aparèy an fè yo rele spekilòm nan. Gen fanm ki panse yo pral koupe yon moso nan chè yo oswa nan matris yo.

Kisa yon Pap Test ye menm?❓️

​Se yon egzamen senp doktè, enfimyè, oswa sajfanm fè pou verifye si kòl matris ou an sante.

Egzamen sa a pèmèt nou jwenn ti chanjman nan selil yo depi byen bonè, anvan menm yo tounen yon maladi grav.

Kijan sa pase menm lè w ap fè yon Pap Test?❓️

Men 4 etap yo pou w ka santi w alèz:

Lè w antre, enfimyè a oswa doktè a ap mande w kouche sou do sou yon kabann espesyal ki gen de ti sipò pou w poze pye w. ✅️

Pozisyon sa a enpòtan paske li pèmèt pwofesyonèl la wè kòl matris ou byen klè pou l ka fè travay li san l pa blese w.🙌

​ Y ap pran ti aparèy ou wè nan foto a epi glise li trè dousman nan vajen an.

Travay aparèy sa a se tankou yon "fenèt": li ouvri chemen an pou pwofesyonèl la ka wè kòl matris ou byen. Ou ka santi yon ti presyon, tankou yon anvi p**i, men sa pa dwe fè w mal.♻️

​Se la anpil moun pè a, men verite a: Pwofesyonèl sante yo pa koupe anyen, yo pa rache anyen. Nou sèvi ak yon ti bwòs ki fen anpil (li sanble ak ti bwòs yo sèvi pou ranje sousi).

Nou jis pase ti bwòs la dousman sou kòl la pou nou ranmase yon ti kal sekresyon ( selil) .
Se tankou si n t ap pase yon mouchwa sou yon tab pou n wè si gen pousyè. Se ti kal sekresyon "selil" sa yo laboratwa a bezwen pou l di si w an sante.

Yo jis pase l dousman sou kòl la pou yo ranmase ti kal sekresyon "selil".
Sonje byen: Yo pa koupe anyen, yo pa rache anyen, se tankou yo t ap siye yon ti pousyè sou yon tab.

Kounye a, pwofesyonèl la retire aparèy la dousman, epi sa fini nèt!

Tout pwosesis sa a soti nan kòmansman rive nan lafen pa menm pran 5 minit. Ou ka leve, ranje rad ou, epi kontinye jounen w nòmalman.

Anpil fwa nou tèlman okipe ap pran swen pitit nou, mari nou, ak kay nou, nou bliye pwòp tèt pa nou. Men, pou nou ka kontinye pote fanmi nou, nou dwe an sante.

​Kansè kòl matris la se yon lènmi silansye ki pa bay doulè nan kòmansman.

Sèl mwayen nou ka evite maladi sa se fè Pap Test ou regilyèman 📌📌



Lovely Marc
Infirmière licenciée d’État
ESF
MSI

E si tout fanm te konnen dwa yo nan matènite? Nan yon post nou te fè sou SFF "Santé Femme & Famille" konsènan "Swen Matè...
08/05/2026

E si tout fanm te konnen dwa yo nan matènite?

Nan yon post nou te fè sou SFF "Santé Femme & Famille" konsènan "Swen Matènite Respektye",

Gen yon kòmantè ki touche nou anpil. Yon manman te pataje esperyans li kote li te santi l imilye pandan l t ap akouche.

​Li di: ​"M fe 2 pitit doktè tj jourem rele fout sou mw di yqp metem deyo nan sal la... mte santi mw umilye tankou se yn move bagay map f a".

Sa a pa dwe rive ankò! Akouche se yon zak lavi, se pa yon krim.

Lè yon fanm ap akouche, li nan yon moman kote li vilnerab anpil. Li pa sèlman bezwen yon moun ki konn teknik medikal, li bezwen yon moun ki gen imanite.

Kisa "Swen Matènite Respektye" vle di?
Chak fanm gen dwa pou jwenn

Diyite ak Respè: Yo pa dwe janm jagonnen w, joure w, oswa meprize w nan yon moman konsa.

​Enfòmasyon: Ou gen dwa konnen chak swen oswa egzamen y ap fè sou ou ak poukisa.

​Sekirite ak Konfidansyalite: Kò w se pa ou, pèsonn pa dwe manyen l san konsantman w oswa san respè.

yon fanm nan matènite dwe jwenn bon jan tretman :

​Ak Dousè: Chak jès medikal dwe fèt ak respè pou kò manman an, san fòs ni britalite.

​Ak Pawòl ki bay fòs: Olye pou yo joure l, li merite pawòl ankourajman tankou: "Ou se yon fanm vanyan," "Ou prèske rive," "Mwen la avè w."

​Nan Silans ak Kalm: Yon sal akouchman pa dwe yon kote ki gen rèl ak kòlè, men yon espas ki bay lapè pou manman an ka konsantre.

​Ak Respè pou Dwa l: Li gen dwa pou yo mande l pèmisyon anvan yo fè nenpòt bagay sou li, epi pou yo pa ekspoze kò l devan nenpòt moun.

Nou konnen travay la di, nou konnen gen fatig ak estrès.

Men, pa janm bliye: Nou se premye moun ki akeyi lavi. Men ou, se premye men ki manyen yon nouvo pitit moun.

Ann fè premye kontak sa a fèt nan lanmou. Yon manman k ap soufri pa bezwen yon jij, li bezwen yon gid ak yon moun ki gen konpasyon.

​Ann rebati yon sistèm sante kote chak fanm ap soti nan matènite ak tèt li byen wo, non pa ak dlo nan je paske yo te imilye l.❤

Adresse

Santefemmeetfamillesff@gmail. Com
Port-au-Prince
HT-6110

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque S.F.F publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager