Lasante San filtè - LSF

Lasante San filtè - LSF Paj sa kreye nan lide pou pataje bon jan enfòmasyon sou koze lasante. Vini pou n aprann ansanm!

19/09/2026

Alo tout moun
Nou sot pase 2 semèn ap pale de AVÒTMAN sou paj la.
Kisa w te aprann 🤗?

📌SE PA POU BON PLEZI FANM FÈ AVÒTMANBonjou ALSF 💙Nou swete w anfòmOu pa gen lòt kesyon sou AVÒTMAN ?Pale, Lasante San fi...
17/09/2026

📌SE PA POU BON PLEZI FANM FÈ AVÒTMAN

Bonjou ALSF 💙
Nou swete w anfòm

Ou pa gen lòt kesyon sou AVÒTMAN ?
Pale, Lasante San filtè - LSF ap koute w

Annatandan kontinye pataje svp🤗

Bonjou tout moun 🤗 Kijan nou ye?Lasante San filtè - LSF konnen se sitou bagay mal ki konn rive lè avòtman yo fèt nan mov...
16/09/2026

Bonjou tout moun 🤗
Kijan nou ye?

Lasante San filtè - LSF konnen se sitou bagay mal ki konn rive lè avòtman yo fèt nan move kondisyon ke nou plis tande. Se pou sa maten an li pote pou nou kèk bon kote ki gen nan AVÒTMAN antanke pratik medikal.

Pataje piblikasyon sa pou plis moun ka aprann ak nou epi pa bliye abòne


Bonjou tout moun Kijan nou ye?  Pami kesyon yo te poze Lasante San filtè - LSF genyen plizyè ki ale nan menm sans, nou s...
15/09/2026

Bonjou tout moun
Kijan nou ye?
Pami kesyon yo te poze Lasante San filtè - LSF genyen plizyè ki ale nan menm sans, nou separe yo an 2 kategori.

Èske avòtman se yon bon bagay ?
Èske avòtman se yon move bagay?

Pap janm gen yon repons k ap rive mete tout moun dakò paske gen pozisyon yon moun gen yon sijè ki lye ak eksperyans li , sa l tande etc.

Yon moun ki pèdi pwòch li nan avòtman ap goumen ak ou si w di se yon bon bagay
Pakont yon fanm ki te gen yon gwosès deyò matris, si doktè pat kouri kanpe gwosès sa e ede l chape pou l ap goumen ak ou si w di avòtman pa bon.

Wòl pa nou antanke pwofesyonèl lasante rete nan enfòme w, sipòte w epi pa jije w kèlkeswa desizyon w.

Demen n ap pote kèk bon kote ki gen nan AVÒTMAN epi jedi se ap tou pa move kote yo.

Rete branche epi envite plis moun abòne ak paj Lasante San filtè 🥰

Bonjou tout moun 🤗 Lasante San filtè - LSF pase remèsye  nou pou fason nou sipòte  paj la men sitou pou angouman nou 2 d...
13/09/2026

Bonjou tout moun 🤗
Lasante San filtè - LSF pase remèsye nou pou fason nou sipòte paj la men sitou pou angouman nou 2 dènye semèn sa yo.

Nou toujou kontan e ankouraje abòne yo entèraji, poze kesyon paske pa gen LSF san ALSF💙 yo.

Maten an n ap reponn kesyon sa : Èske KITAJ se avòtman ?

Repons kout: Non KITAJ ak AVÒTMAN pa menm bagay. Men w konn LSF pap kanpe la🤭 Ann ale

Kòm nou esplike kisa AVÒTMAN ye deja
Ann pale de KITAJ la

KITAJ an fransè "Curetage" se yon pwosedi medikal ki anglobe tout jès ki gen rapò ak retire bagay anndann matris. Li pa oblije gen rapò ak gwosès. Yon fanm ka pa ansent men l ap plede bay san, y ap fè yon ti ouvri kòl matris li( dilatasyon) plis kitaj la kote y ap pran enpe selil anndan matris la pou yo al analize.

Yon fanm ka fin pèdi yon timoun( foskouch) epi yo fè kitaj pou li pou asire yo pa gen anyen ki rete pou al nwi sante l pi devan.

Men gen kèk ka kote gwosès la bon jan apèn kòmanse ( mwens gen 2 mwa ) kote yo ka jis "rale ti bebe sa ki poko byen fòme an" , yo rele sa kitaj pa aspirasyon. Sa se yonn nan ka kote kitaj ak avòtman fè yon sèl.

An rezime lè KITAJ la gen kòm objektif kanpe yon gwosès li se yon avòtman. Men tout KITAJ pa avòtman.

Nou espere n reponn kesyon w lan chè abòne e nou swete w kontinye kòmante depi w gen kesyon.

Bon semèn, e nou pral kontinye pale de AVÒTMAN paske gen lòt kesyon ke n poko reponn.

Abòne , Pataje.

Bonjou tout moun 🤗Kijan nou ye ?Lasante San filtè - LSF kontan wè fason nou pataje piblikasyon yo semèn sa, sa ki fè kon...
12/09/2026

Bonjou tout moun 🤗
Kijan nou ye ?

Lasante San filtè - LSF kontan wè fason nou pataje piblikasyon yo semèn sa, sa ki fè konprann ke nou te vrèman swete jwenn enfòmasyon sou sijè AVÒTMAN.

San pèdi tan nou pral bay kèk sitiyasyon ki konn rive nan kad AVÒTMAN, sitou lè se nan move kondisyon e ki konn koze lanmò medam yo.

1) EMORAJI: Gen anpil ka kote se tou senpleman paske fanm nan pèdi anpil san li arive mouri. Yonn nan bagay ki konn koze sa se matris fi a ki konn pèse( lè machòkèt ap rantre materyèl ki pa adapte) osinon lè gwosès la gentan twò avanse( plis ke 2-3 mwa)

2)ÒVÈDOZ nan medikaman : Kit se ak remèd natirèl osinon remèd ki sòti nan laboratwa kantite w ap pran dwe respekte yon dozaj. E se pwofesyonèl medikal ki gen bon jan fòmasyon sou kijan pou yo kalkile dozaj an fonksyon de laj ni fanm lan, ni kantite tan gwosès la genyen epi plizyè lòt faktè
Souf moun lan ka vin kout epi mal pou respire jis li mouri paske l te pran twòp medikaman osinon medikaman ki pa apwopriye

3)ENFEKSYON GRAV: Tèlman gen bagay ki ka lakoz yon enfeksyon aprè yon AVÒTMAN, si nou pran pou n site pòs sa ap twò long.
Men: materyèl ki pa byen netwaye epi esterilize, espas ki sal, gan ki pa pwòp osinon byen mete, debri gwosès ki pa fin sòti...Se sak fè nou di avòtman dwe aksesib e fèt nan bon kondisyon

4) LEZYON LÒT ÒGÀN SANSIB : Nan eseye mete "ti bebe " sa ke fanm lan pa deside kenbe a deyò, nenpòt machokèt ki pa byen ekipe sa vle di ki pa gen aparèy apwopriye pou sa ka touche nenpòt lòt ògàn ki anndan vant lan tankou: ren, vesi( sa n rele blad pise a) , trip etc. Konplikasyon grav sa yo ka mennen lanmò

5) SEPSIS: "Men dyab la, men dyab la"
Sa limenm se lè enfeksyon gentan gaye nan san, bakteri epapiye nan tout kò a
Nou poko tande moun chape anba men l. Se prevansyon sèlman ki solisyon

LSF PA VOYE MOUN AL AVÒTE SAN GADE DÈYÈ, NI LI PA VIN FÈ PWOMOSYON POU AVÒTMAN E DI SE PREMYE REKOU SI W PA VLE FÈ PITIT. LSF DI TOUT MOUN LIB POU GEN AKSÈ AK BON JAN ENFÒMASYON SOU AVÒTMAN E KA FÈ L AN SEKIRITE SI YO VLE SA, SI KA YO NESESITE L
PASKE SE PA AVÒTMAN KI TOUYE FANM
SE AVÒTMAN NAN MOVE KONDISYON

Kontinye pataje svp

" - Tati, ou pa tande tifi madan Bètran mouri nan jete pitit.- O, se pa Lili? Bèl ti demwazèl ki sot konpoze filo a? Dek...
11/09/2026

" - Tati, ou pa tande tifi madan Bètran mouri nan jete pitit.
- O, se pa Lili? Bèl ti demwazèl ki sot konpoze filo a?
Dekwè se nan prefak li te ye. Ki koze sa?
- Ebyen tati , m tande l te ansent epi mennaj li achte 7 konprime pote ba li. Yo di se pa de san li pa bay avan yo te resi kouri lopital ak li men li mouri malerezman.
- Gwo demwazèl sa epi l pa konnen moun pa bwè konprime konsa konsa pou w fè avòtman
- Ebyen tati, se paske w enfimyè oumenm e w pale san pwoblèm ak mwen sou sijè sa yo kifè sa pap rive m. Men Lili siman pat gen tout enfòmasyon sa yo "

Bonjou tout moun 🥰. Kijan nou ye?
Ti dyalòg sa siman raple w yon istwa osinon yon sitiyasyon parèy ki te rive nan antouraj ou. Men anpil fwa lè sa rive nou poze move kesyon yo: Poukisa fanm sa ta l eseye fè avòtman ? Poukisa malgre avòtman plede touye moun medam yo kontinye riske vi yo nan fèl?

Malerezman poze kesyon pa sifi pou evite dram yo, se pito bon jan enfòmasyon, swen epi aksyon k ap ka pote solisyon.

Demen sdv Lasante San filtè - LSF ap pote yon lis pwoblèm ki konn gen nan AVÒTMAN e ki konn rive koze lanmò medam yo.
Men annatandan sonje : SE PA AVÒTMAN KI TOUYE MEDAM YO, SE AVÒTMAN NAN MOVE KONDISYON.

Se vre okenn pwosesis medikal pa san risk men nou pito parye sou bon jan laswenyay.

Pataje pòs sa epi swiv nou pi plis
Rdv demen😌👌

Bonjou tout moun 🤗Maten an n ap kontinye pale de AVÒTMANLasante San filtè - LSF swete nou anfòm e nou kontan wè enterè p...
09/09/2026

Bonjou tout moun 🤗
Maten an n ap kontinye pale de AVÒTMAN
Lasante San filtè - LSF swete nou anfòm e nou kontan wè enterè piblik la pou sijè sa. Mèsi ak nouvo moun sa yo ki abòne ak paj la. Kontinye pataje pou plis moun ka rejwenn nou.🫱🏾‍🫲🏽 🙏🏻

AVÒTMAN pa yon jès san valè, ni krim kote fanm ap jete pitit. Se yon jès medikal. Sa vle di se pwofesyonèl lasante ki fòme pou sa ki sipoze akonpanye nenpòt moun ki bezwen sa.🏥👩‍⚕️👨‍⚕️

Èske nenpòt moun ka fè yon radyografi?📋 Yon egzamen kè? 📈W ap kite nenpòt moun pike w pou pran san w💉🩸? Ebyen kòmanse wè AVÒTMAN pou sa l ye a. Yon JÈS MEDIKAL tankou egzanp ki sot site la yo❤️‍🩹. Dayè OMS menm pibliye e konn fè mizajou nan lis prensip ak laswenyay ki mache ak AVÒTMAN.

Èske w te konnen AVÒTMAN sove lavi? 😌

Ou sezi🤭...Ebyen LSF ap tou lage 5 ka nan men w kote AVÒTMAN fèt pou yo sove lavi.

1- Nan kad yon gwosès ki pa chita anndan matris la. Gen kèk ka kote ti bebe an pa nan plas li, sa vle di olye de anndan matris la ti bebe sa pozisyone anndan yon twonp pa egzanp. Yo oblije kanpe gwosès sa prese prese sinon chay sa ap fè twonp lan dechire e pwovoke gwo emoraji ki ka menm touye fanm ki te ansent lan

2- Si yon fanm ansent e li poko pre lè akouchman l ditou men l ta gentan fè pre eklanmsi ki grav, osinon eklanmsi prekòs yo oblije kanpe gwosès sa.

3- Yon fanm ansent k ap plede bay san.
Pèdi san pandan w deja ansent ka tèlman pote lòt konplikasyon y ap oblije kanpe gwosès la

4- Yon fanm ki te deja gen pwoblèm nan kè osinon tansyon wo epi ki fè estwòk pandan l ansent ka yon sitiyasyon ki mande kanpe gwosès la

5- Gwo enfeksyon ki menase lavi fanm ansent lan ka fè yo kanpe gwosès la

Randevou kase pou vandredi pou n kontinye pale de AVÒTMAN.
Si w gen kesyon kite yo nan kòmantè osinon an prive.
Patajeeeee svp

Bonjou tout moun Kijan nou ye? 🥰Swit a kòmantè  yon ALSF💙 epi reyaksyon kèk lòt moun an prive. Tèm ki retni pou semèn sa...
08/09/2026

Bonjou tout moun
Kijan nou ye? 🥰

Swit a kòmantè yon ALSF💙 epi reyaksyon kèk lòt moun an prive. Tèm ki retni pou semèn sa se AVÒTMAN.
Met sou sa 28 SEPTANM k ap vini la se jounen entènasyonal DWA POU AVÒTMAN SEKIRIZE.
Donk Lasante San filtè - LSF pral pale de avòtman. Chita lè n ap li pòs yo paske sa n pral aprann pa piti menm.

Depi nou tande "avòtman" nou otomatikman di se yon bagay ki mal. Selon kwayans kèk moun epi pozisyon yo gen moun ki di se peche. Men avan tout bagay èske nou konnen kisa AVÒTMAN ye? Konbyen tip ki egziste ? 🧠📖

1) Kisa AVÒTMAN ye ?
R: AVÒTMAN se avan tout bagay yon jès, yon entèvansyon medikal. Depi se pou kanpe yon gwosès san ti bebe a poko ka kontinye viv nòmalman sa vle di ti bebe a pa vyab, yo pa pale de akouchman men yo di pito AVÒTMAN.

An rezime : Gwosès ki pa abouti = AVÒTMAN.

2) Èske gen plizyè kategori AVÒTMAN ?
R: Wi gen plizyè kategori AVÒTMAN e li enpòtan pou nou soulinye sa.
Gen AVÒTMAN ESPONTANE : fanm ansent lan pa pran okenn medikaman ni fè anyen pou sa, gwosès la jis pa abouti. Se sa yo rele Foskouch la.

Epi gen AVÒTMAN PWOVOKE : Kote fanm ansent lan deside pa kenbe pitit la e li pran medikaman osinon fè lòt aksyon pou kanpe gwosès la.

Pou fini n ap di w AVÒTMAN FÈ PATI LIS SWEN KI ANNDAN LASANTE REPWODIKTIV YO. Sa vle di menm jan nou pale san fòs kote de kijan yon fanm ansent dwe pran swen tèt li ak ti bebe a pou akouchman byen pase. Nou dwe pale tou de kisa yon fanm ansent ki pa swete kenbe yon ti bebe ka fè tou.

Pataje piblikasyon sa ak pwòch ou epi envite plis moun vin swiv paj la pou plis

Kredi foto: EA

07/09/2026

Bonjou tout moun
Kijan nou ye ?
Ant Avòtman/ Kontinye ak maladi mantal/ Ijyèn seksyèl
Ki sijè n t ap chwazi pou semèn sa ?
Reponn an prive osinon nan kòmantè yo. Rdv demen

Adresse

Bourdon
Port-au-Prince
6110

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Lasante San filtè - LSF publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager