Alyans Sante Boy - ASB .

Alyans Sante Boy - ASB . Une institution publique qui travail dans le domaine de la sante.

Avi Enpòtan Premye semèn mwa me an, ap gen 3 gwo jounen konsiltasyon nan lopital Fonlagranj lan ASB, ak plizyè gwo espes...
24/04/2026

Avi Enpòtan

Premye semèn mwa me an, ap gen 3 gwo jounen konsiltasyon nan lopital Fonlagranj lan ASB, ak plizyè gwo espesyalis. Pwofite de moman sa a yo pou w Tcheke sou santé w.

N ap tann ou

Alyans Sante Bòy ap salye epi remèsye tout popilasyon an pou konfyans li toujou plase nan enstitisyon la n. N ap pwofite...
22/04/2026

Alyans Sante Bòy ap salye epi remèsye tout popilasyon an pou konfyans li toujou plase nan enstitisyon la n. N ap pwofite menm okazyon sa a pou n di tout Moun Obòy ak sa ki nan zòn ki anviwonnen l yo, mèkredi k ap 6 ak vandredi 8 Me k ap vini la konsiltasyon Jeneral yo ak Konsiltasyon espesyalize yo ap kontinye anndan lopital lan Fonlagranj. W ap bezwen 500 GOUD pou konsiltasyon Jeneral lan, Analiz laboratwa ak medikaman tou ladan l. Men pou sèvis espesyalize yo k ap fèt 6 me an w ap peye 1000 Goud w ap selman mache ak ti kòb Anplis pou medikaman, elatriye. Men 8 me se pral selman konsiltasyon pou Je ( zye ), frè konsiltasyon an se 250 GOUD depi kounya kounya ou kapab pase enskri nan lopital lan. Epi mache ak kòb medikaman ak linèt tout fwa w ap bezwen.

Mèsi !

Demen ce sera le jour-J, Consultation spécialisée à l’Alyans Sante Boy - ASB . 30 Mars 2026.
29/03/2026

Demen ce sera le jour-J,

Consultation spécialisée à l’Alyans Sante Boy - ASB . 30 Mars 2026.

Bonjou/Bonswa sa depan de lè ou wè mesaj sa aNou vin anonse w yon lòt fwa ankò, nan lide pou kontinye akonpanye popilasy...
17/03/2026

Bonjou/Bonswa sa depan de lè ou wè mesaj sa a

Nou vin anonse w yon lòt fwa ankò, nan lide pou kontinye akonpanye popilasyon an nan bay sèvis laswenyay de kalite, Alyans Sante Bòy ap kontinye ak seri konsiltasyon espesyalize li yo nan komin nan. Ou Pap bezwen anpil kob, vandredi 27 Mas ap gen espesyalis pou tout Moun ki gen pwoblèm nan Je, w ap bezwen selman 250 GOUD pou frè konsiltasyon an epi mache ak kòb Anplis pou medikaman ak si tout fwa w ap bezwen linèt. Aprèsa, lendi 30 mas lan se pou tout Moun ki gen gwo doulè, kò fè mal, pwoblèm nan zo, ak Fanm ki bezwen fè despistaj kansè nan kòl matris ansanm ak Moun ki bezwen Konnen Tcheke Jinekològ. Pou sa a w ap bezwen 1000 GOUD epi mache ak yon ti kob Anplis pou medikaman. Men si w pap pwan yonn nan sèvis espesyalize yo nan menm jou k ap 30 Mas la w ap peye 500 Goud pou w konslite, w ap fè analiz epi w ap jwenn medikaman nan menm 500 Goud sa a. Pou sante w nou pap lage w

Pa bliye lasante pa gen pri, vini jere sante w nan Jounen Konsiltasyon Sa a pandan w ap gen chans jwenn sèvis espesyal y...
12/11/2025

Pa bliye lasante pa gen pri, vini jere sante w nan Jounen Konsiltasyon Sa a pandan w ap gen chans jwenn sèvis espesyal yo.

Pou sante w nou pap lage w!

10/02/2025

Jedi 20 Fevriye 2025, ap gen yon gwo jounen konsiltasyon nan Lopital Fonlagranj lan ( Alyans Santé Bòy- ASB ), w ap bezwen 500G pou w patisipe. Ladan l w ap konsilte, w ap fè analiz epi w ap jwenn medikaman nan menm 500G lan. N ap tann ou!!!

Pa pèdi tan, vin tcheke sou sante w, ou pap regrèt.
23/11/2024

Pa pèdi tan, vin tcheke sou sante w, ou pap regrèt.

Soyez des nôtres!!!
16/11/2024

Soyez des nôtres!!!

📍🗒️
11/06/2024

📍🗒️

Jedi 30 Mai 2024 lan, plis pase 500 moun ki soti nan tout seksyon yo tankou lavil lan, ak nan lot zòn avwazinant yo, riv...
30/05/2024

Jedi 30 Mai 2024 lan, plis pase 500 moun ki soti nan tout seksyon yo tankou lavil lan, ak nan lot zòn avwazinant yo, rive jwenn sèvis nan yon gwo jounen konsiltasyon ki te reyalize nan lopital Alyans Santé Bòy lan. Moun yo kontinye rèmèsye estaf lan ak tout responsab enstitisyon sila a pou kalite sèvis y ap resevwa, epi pou yon ti kras lajan ki se 500 Goud sèlman.

Konfyans pa yon bagay ki senp, rezilta ak pèfòmans enstitisyon an fè tout moun rive konprann chak jou pi plis ASB paka kanpe.

Adresse

Fond Lagrange, Nord
Borgne

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Alyans Sante Boy - ASB . publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager

Type