14/07/2026
GWO DANJE KI GEN NAN PASE POUD SOU TIBEBE !
Anpil moun toujou panse poud pou tibebe ede kenbe po a sèk. Men, verite a se ke poud pou tibebe, sitou sa ki gen talk (talc), pa bon.
Me poukisa l pa bon :
1- Lè tibebe a respire, poud sa ka antre nan nen ak poumon li epi bay gwo pwoblèm pou respire.
2- Lè poud la melanje ak swè oswa p**i, li ka fè boul nan po kò a, sa ki ka ba l chofi oswa gratèl olye li pwoteje po a.
Kisa w dwe fè pou w evite chofi nan ti pati ak dèyè bebe a?
1. Chanje kouchèt / daypè souvan pou po a pa rete mouye pandan twòp tan.
2. Netwaye ti pati l ak dèyè l dousman ak dlo tyèd oswa yon twal mou. Evite waps ki gen pafen oswa pwodui ki ka blese po a.
3. Sèvi ak savon dou, san pafen.
4. Si po a vin wouj oswa gen chofi (dekale), ale wè doktè pedyat pou l ka ba w krèm pou pase sou po a.
5. Pa sèvi ak poud, pwodui ki gen anpil pafen, oswa lwil mineral sou po tibebe a.
Pi bon fason pou pwoteje po tibebe a se kenbe l pwòp, sèk, epi itilize bon krèm pwoteksyon lè sa nesesè.
Pataje pòs la pou lòt paran kapab wè l.
fans