12/06/2026
#𝐀𝐲𝐢𝐭𝐢 #𝐦𝐞𝐭𝐞𝐲𝐨🌤️☔️🌦️𝐯𝐚𝐧𝐝𝐫𝐞𝐝𝐢 𝟏𝟐 𝐣𝐰𝐞𝐧 𝟐𝟎𝟐𝟔.- Meteyo jounen an prevwa aktivite lapli ak kout loray nan depatman Lwès, Nò, Nodwès, Latibonit, Grandans, Nip, nan finisman jounen an ak aswè a.
Malgre vag chalè sou zile Ayiti a bese, li toujou rete yon menas pou sante sila ki pi fèb yo : moun malad, timoun, granmoun, fanm ansent, moun k ap viv ak yon andikap fizik.
Men konsiy pou nou swiv nan moman sa :
Bwè dlo tanzantan men m si ou pa swaf;
Evite rete twò lontan anba solèy, sòti 10 zè nan maten pou rive 4 trè nan aprè midi;
Mete rad fen ak sa ki gen koulè klè;
Evite aktivite k ap fè ou fè gwo jefò nan moman li fè pi cho nan jounen an;
Siveye timoun, granmoun ak moun k ap soufri anba gwo maladi.
http://www.meteo-haiti.gouv.ht/