Hopital Notre Dame SA

Appeler Itinéraire Site Web Contacter le cabinet

Hopital Notre Dame SA Hopital Notre Dame SA

La santé a votre portee
Sante Physique & Sante Financiere

🔵 NOVANM BLE : MESYE, SANTE NOU MERITE ATANSYON !Èske w konnen kansè pwostat ak kansè kolon kapab devlope pandan lontan ...
05/11/2026

🔵 NOVANM BLE : MESYE, SANTE NOU MERITE ATANSYON !

Èske w konnen kansè pwostat ak kansè kolon kapab devlope pandan lontan san yo pa bay siy ki fasil pou remake?

Se poutèt sa depistaj enpòtan anpil! Pa tann ou santi doulè oswa lòt pwoblèm pou w kòmanse pran swen tèt ou.

🔹 Kansè pwostat: Li afekte glann pwostat la. Li ka lakòz difikilte pou p**i, p**i souvan, sitou lannuit, men pafwa li pa bay okenn siy okòmansman.

🔹 Kansè kolon: Li devlope nan gwo trip la. Siy posib yo gen ladan chanjman nan abitid poupou, san nan poupou ak doulè nan vant.

🔹 Egzamen p**i ak emogram: Yo ede evalye diferan aspè nan eta sante w epi detekte kèk pwoblèm ki ka mande plis swivi.

💙 Mesye, pa neglije sante nou! Depistaj bonè ak konsiltasyon medikal kapab ede idantifye pwoblèm pi bonè epi oryante w sou bon tretman.

Pandan tout mwa Novanm nan, Hôpital Notre Dame SA envite nou pwofite òf espesyal NOVANM BLE la.

📍 Okay – Gonayiv – Pòtoprens – Okap

📞 +509 4308 7555

Pa tann maladi fè w sonje sante w enpòtan. PRAN DEVAN, FÈ DEPISTAJ!

03/11/2026

🧠 Èske ou konn repons lan? Pa gade sèlman, patisipe! 🎯 Chwazi A, B oswa C, epi ekri repons ou nan kòmantè yo. Ann wè kiyès ki gen plis konesans sou sante! 🏆

Ann jwe! Ki repons pa w?

03/10/2026

🎀 OKTÒB ROZ — PA TANN JISKASKE LI TWÒ TA!
Yon fanm pran anpil responsabilite sou do li chak jou… men sante li dwe toujou yon priyorite. ❤️
Kansè nan tete ak kansè kòl matris kapab touche anpil fanm. Se poutèt sa, depistaj regilye kapab ede detekte kèk pwoblèm bonè, lè li pi fasil pou pwofesyonèl sante yo pran swen yo.

🌸 Pandan tout mwa Oktòb la, Hôpital Notre Dame SA envite tout fanm pou pwofite òf espesyal Oktòb Roz la.

🩺 Depistaj kansè kòl matris
🧪 Egzamen p**i
👩🏽‍⚕️ FV / GP
🎀 Depistaj kansè tete
📸 Mamografi selon konbo a

👉 Pa tann doulè. Pa tann siy yo parèt. Pran yon desizyon pou sante w jodi a.

📍 4 lopital: Okay • Gonayiv • Petyonvil • Okap

📞 +509 4308 7555

💗 Fanm ki pran swen tèt li, se yon fanm k ap pwoteje demen li.

🌸 OKTÒB ROZ SE MWA SENSIBILIZASYON! 🎀Pandan tout mwa Oktòb la, tout fanm ka pwofite espesyal sa a pou pran swen sante yo...
23/09/2026

🌸 OKTÒB ROZ SE MWA SENSIBILIZASYON! 🎀
Pandan tout mwa Oktòb la, tout fanm ka pwofite espesyal sa a pou pran swen sante yo epi fè depistaj ki enpòtan yo. 💗

🩺 COMBO 1 – 2,750 GDES
✔️ Depistaj kansè kòl matris
✔️ Egzamen p**i
✔️ FV / GP
✔️ Depistaj kansè tete

🎀 COMBO 2 – 8,500 GDES
✔️ Depistaj kansè kòl matris
✔️ Egzamen p**i
✔️ FV / GP
✔️ Depistaj kansè tete
✔️ Mamografi

📋 Konsiltasyon avèk rezilta yo
📍 4 lopital: Okay • Gonayiv • Petyonvil • Okap

💗 Pa tann pou gen sentòm pou pran swen tèt ou. Depistaj bonè ka fè yon gwo diferans.

📞 +509 4308 7555
🌐 www.hndsa.org

08/09/2026

❤️🏃‍♂️ JOUNEN ENTÈNASYONAL FIZYOTERAPI
Sante se mouvman. Mouvman se lavi. 💙
Apre yon maladi kadyovaskilè oswa yon AVC, retounen nan lavi chak jou kapab mande pasyans, sipò ak bon akonpayman.
Fizyoterapi jwe yon wòl enpòtan nan prevansyon, pran swen ak reyabilitasyon moun ki afekte pa maladi kadyovaskilè ak aksidan vaskilè serebral (AVC).
👉🏽 Li ede moun travay pou amelyore mobilite yo, reprann kapasite fizik yo epi avanse nan pwosesis reyabilitasyon an, selon bezwen chak moun.
Nan okazyon Jounen Entènasyonal Fizyoterapi, ann pran konsyans sou enpòtans aktivite fizik ak fizyoterapi pou yon pi bon kalite lavi.
Pa tann pwoblèm sante a rive pou w kòmanse pran swen kò ou.
💙 Bouje. Prevni. Reyabilite. Viv pi byen.
🏥 Hôpital Notre Dame SA
📍 Port-au-Prince – Cap-Haïtien
📞 +509 4308 7555
🌐 www.hndsa.org

15/08/2026
📢 OPÒTINITE TRAVAY!👩🏽‍⚕️ Hôpital Notre Dame SA ap chèche yon PÉDIATRE pou Succursale Cayes.Èske ou se yon pwofesyonèl ki...
31/07/2026

📢 OPÒTINITE TRAVAY!
👩🏽‍⚕️ Hôpital Notre Dame SA ap chèche yon PÉDIATRE pou Succursale Cayes.

Èske ou se yon pwofesyonèl ki gen pasyon pou pran swen timoun yo? Se moman pou mete konpetans ou nan sèvis sante kominote a.

📄 Dokiman yo mande yo:
✅ Diplòm / Sètifika / Lisans
✅ Diplòm Espesyalizasyon
✅ Sètifika bon vi ak mès
✅ Lèt referans
✅ Lèt motivasyon
✅ Kopi pyès idantite
✅ 2 foto idantite resan
✅ Curriculum Vitae (CV)

📍 Depoze dosye w nan:
Route Nationale #2, Bergeaud, bò kote Lycée Claudy Museau.

📧 Oswa voye li pa imèl:
[email protected]

📞 Pou plis enfòmasyon:
☎️ (+509) 4069-9910 / 3731-1348

⚠️ Nòt: Se sèlman dosye ki konplè yo k ap konsidere.

🤝 Vin fè pati yon ekip ki angaje pou bay timoun yo pi bon swen posib.

📢 NOU AP REKRITE!🏥 Hôpital Notre Dame SA ap chèche yon DIRECTEUR MÉDICAL pou Succursale Cayes.Èske ou se yon lidè nan do...
31/07/2026

📢 NOU AP REKRITE!
🏥 Hôpital Notre Dame SA ap chèche yon DIRECTEUR MÉDICAL pou Succursale Cayes.
Èske ou se yon lidè nan domèn medikal, ki gen eksperyans, vizyon ak angajman pou amelyore kalite swen sante? Vin mete konpetans ou nan sèvis yon enstitisyon ki gen misyon pou sove lavi.
📋 Dosye aplikasyon an dwe genyen:
✔️ Diplòm / Sètifika / Lisans
✔️ Diplòm Espesyalizasyon
✔️ Sètifika bon vi ak mès
✔️ Lèt referans
✔️ Lèt motivasyon
✔️ Kopi pyès idantite
✔️ 2 foto idantite resan
✔️ Curriculum Vitae (CV)
📍 Depoze dosye w nan:
Route Nationale #2, Bergeaud,
bò kote Lycée Claudy Museau.
📧 Oswa voye dosye w pa imèl:
[email protected]
📞 Enfòmasyon:
(+509) 4069-9910 / 3731-1348
⚠️ Nòt enpòtan: Se sèlman dosye ki konplè yo k ap konsidere.
🤝 Vin fè pati yon ekip ki angaje pou ofri sèvis medikal ki respekte pi wo estanda kalite yo.
📢 Tag yon doktè oswa yon pwofesyonèl sante ki ta ka enterese, epi pataje pòs sa a pou ede nou jwenn bon kandida a.

Adresse

Route Nationale #2
Cayes

Téléphone

+50943087555

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Hopital Notre Dame SA publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter Le Cabinet

Envoyer un message à Hopital Notre Dame SA:

Raccourcis

Partager

Catégorie

Cliniques à proximité