02/09/2026
Imajine pedal gaz machin ou kole.
W ap kondwi epi w ap pwoche bò yon danje. Ou konnen ou bezwen ralanti, men kèlkeswa jan ou peze fren an fò, machin nan kontinye ap avanse.
Kounye a, imajine lekontrè a: w ap peze pedal gaz la ak tout fòs ou, men li pa bouje. Machin nan rete kole nan menm pozisyon an, kèlkeswa jan ou vle avanse.
Se konsa kèk pwoblèm sante mantal ka fè yon moun santi l pafwa.
Pou moun k ap gade deyò a, li ka sanble moun nan ap chwazi kontinye konsa, rete bloke, izole tèt li, panse twòp, panike, oswa li pa ka pran pwochen etap la.
Men pafwa, sistèm kontwòl ki anndan li yo tou senpleman pa reyaji jan yo ta dwe.
Se pa toujou paske moun nan pa fè ase efò.
Se pa parès.
Se pa feblès.
Epi sitou, se pa yon bagay yon moun ka jis “soti ladan l” sou kòmand.
Pafwa, moun nan bezwen sipò, konpreyansyon, pasyans, ak èd pwofesyonèl pou l kapab reprann kontwòl.
Sante mantal enpòtan. Koute san jije. Bay sipò san minimize sa moun nan ap viv la. Epi sonje: ou pa janm konnen toutbon sa yon moun ap eseye jere pandan l ap kenbe volan lavi li.
Imagine your gas pedal is stuck.
You’re driving toward danger, you know you need to slow down, but no matter how hard you press the brake, the car keeps going.
Now imagine the opposite: you’re pressing the gas pedal with everything you have, but it won’t move. The car stays stuck in the same position, no matter how much you want to move forward.
That’s what mental health struggles can sometimes feel like.
From the outside, someone may look like they’re choosing to keep going, stay stuck, withdraw, overthink, panic, or struggle to take the next step.
But sometimes, their internal controls simply aren’t responding the way they should.
It’s not always about a lack of effort.
It’s not laziness.
It’s not weakness.
And it’s certainly not something someone can simply “snap out of.”
Sometimes, the person needs support, understanding, patience, and professional help to regain control.
Mental health matters. Listen without judgment. Support without minimizing. And remember: you never truly know what someone is trying to navigate behind the wheel.