03/06/2026
“PEDALE POU N RIVE” pa pou mete n an konpetisyon ak pèsòn, men ak pwòp tet nou pou nou kwè nan sa n ka fè lè nou deside fè.
Yon aktivite pou nou aprann depase e fè sa n te kwè n patap janm ka fè. Pase Abone AK PAJ Facebook MICRO ONE TV jis pouw ka konn plis detay sou aktivite a men nap tou felisit3 staff sa ki pran anchaj aktivite sa déjà mesi bon kontinyite an pasan nap anosew
Se yon pwomnad a bisiklèt kap soti Wanament Kanari Plaza pou al Fòlibète, nan lide pou evalye xplwa nou ka reyisi si n byen prepare n mantalman, fizikman.
Se pa yon envitasyon pou youn depase lòt, men pou nou youn ankouraje lòt. Bref, son xperyans edikatif, sosyal, kiltirel e spòtif, pou fasilite bon kominikasyon nan mitan nou.
Kreye okazyon pou n aprann oganize, planifye ansanm. Motive enspirasyon pou se nou ki mèt sa nap kondwi, pou se pa sa nap kondwi ki mèt nou.
Yon okazyon pou nou motive tout moun pou nou tout pi pwodiktif endividyelman, kolektivman.