Dr Lebrun Reginald

Dr Lebrun Reginald sante w se priyorite w
Pataje post nou yo
konsa wap ede plis moun
prevansyon se lò...

🕒 Poukisaw dwe tann 45 minit pou bwose dan w aprèw fin bwè yon ji sitwon oswa ji zoranj?🦷Ji sitwon ak zoranj yo gou e ra...
15/01/2026

🕒 Poukisaw dwe tann 45 minit pou bwose dan w aprèw fin bwè yon ji sitwon oswa ji zoranj?🦷

Ji sitwon ak zoranj yo gou e rafrechisan se vre, men èske w te konnen yo ka febli "email" dan yo tanporèman?

Akoz yo gen anpil "acides citrique ak ascorbique" nan yo, " email" dan yo ka vin sansib e andomaje si ou bwose dan yo imedyatman aprè fin bwè ji a. Sa a valab pou nenpòt lòt manje ki gen asid ak sa ki s*kre.

Pou kenbe dan yo an sante, ou dwe tann apeprè 45 minit anvan ou bwose dan ou aprè ou fin konsome. Sa a pèmèt saliv ou netralize asid la ak repare "email" dan yo. Annatandan, ou ka rense bouch ou ak yon ti dlo pou retire rezidi asid yo.

"Gardez votre sourire éclatant et vos dents en bonne santé!" 😁🍋🍊

Enfimyè Jovania Georges

15/01/2026

Regarde, suis et découvre encore plus de contenus tendance.

*Èske ou ka trape malarya san ou pa gen tifoyid ❓*Wi, ou ka gen malarya san ou pa gen tifoyid, e ou ka gen tifoyid san o...
11/01/2026

*Èske ou ka trape malarya san ou pa gen tifoyid ❓*

Wi, ou ka gen malarya san ou pa gen tifoyid, e ou ka gen tifoyid san ou pa gen malarya.
Se *de maladi diferan*, ki gen *mòd transmisyon diferan*.

---

🦟 *Malarya (palè)*
- *Kòz* : yon parazit ki rele *Plasmodium*
- *Transmisyon* : p*k moustik *Anophèles* femèl
- *Pa gen okenn rapò ak dlo ni manje*

---

💧🍽 *Tifoyid*
- *Kòz* : bakteri *Salmonella typhi*
- *Transmisyon* : dlo oswa manje ki kontamine
- *Pa gen okenn rapò ak moustik*

---

❓ *Poukisa yo toujou mete yo ansanm ?*

Gen plizyè rezon ki fè konfizyon sa fèt 👇

1️⃣ *Sentòm ki sanble anpil*
Toude ka bay :
- Gwo lafyèv ki dire
- Tèt fè mal
- Fatik
- Doulè vant
- Pafwa dyare oswa vomisman
➡️ San tès, li difisil pou fè diferans yo klinikman

2️⃣ *Yo souvan prezan nan menm zòn yo*
Nan anpil peyi twop*kal (tankou RDC 🇨🇩 oswa Ayiti) :
- Malarya ap s*kile
- Tifoyid ap s*kile tou akoz move ijyèn ak dlo pa trete
➡️ Gen moun ki ka gen *2 maladi yo an menm tan (ko-enfeksyon)*

3️⃣ *Move abitid dyagnostik*
- Anpil pasyan trete san tès
- Tès tankou *Widal* pa toujou fyab
➡️ Se konsa yo envante mo *"palu-tifoyid"*, ki *pa egziste medikalman*

4️⃣ *Lafyèv = palu + tifoyid ? Non !*
Anpil moun panse :> Si ou gen lafyèv ki pa pase → se malarya + tifoyid
❌ *Fo* → Gen lòt kòz posib (viris, bakteri, elatriye)

---

✅ *Rezime* :

✔️ Ou ka gen malarya sèlman
✔️ Ou ka gen tifoyid sèlman
✔️ Ou ka gen 2 yo ansanm, men se pa toujou konsa
❌ “Palu-tifoyid” *pa yon dyagnostik syantifik*

👉 Fòk *eksamen laboratwa* fèt pou konfime.

---Point Vert pharma et Clinique
🟢 Adres Mon Repos 44 rue Concorde
☎️ 3218-1853 347615-63

https://chat.whatsapp.com/GpSgPP4BiJZ22zqeqUxEUK

Fomasyon gratis San yo  Dola ayisyen
11/01/2026

Fomasyon gratis
San yo Dola ayisyen

⚠️ 10 MALADI GRAV KI KA KÒMANSE SAN DOULÈ ⚠️Gen maladi ki pa bay siy klè lè yo kòmanse. Pa gen doulè, pa gen sentòm ki f...
29/12/2025

⚠️ 10 MALADI GRAV KI KA KÒMANSE SAN DOULÈ ⚠️

Gen maladi ki pa bay siy klè lè yo kòmanse. Pa gen doulè, pa gen sentòm ki fè w sispèk… men yo ap pwogrese an silans epi yo ka vin trè grav si yo pa dekouvri bonè. 🕰️

👉 Men 10 maladi ki souvan kòmanse san doulè, ak kèk siy ki ka parèt pi ta :

1️⃣ Tansyon wo
Souvan pa bay okenn siy. Pafwa tèt fè mal, etoudisman, oswa nen senyen. Si li pa kontwole, li ka bay AVC, kriz kadyak, pwoblèm ren.

2️⃣ Dyabèt tip 2
Nan kòmansman, pa gen doulè. Pi ta, moun nan ka santi swaf anpil, p**i souvan, fatig, blesi ki pran tan pou geri.

3️⃣ Kansè fwa
Pa bay siy nan premye etap yo. Lè li avanse, moun nan ka gen gwo fatig, po ak zye jòn, vant gonfle.

4️⃣ Kansè kòl matris
Souvan san siy okòmansman. Pi ta, ka gen senyen anòmal oswa doulè pandan rapò.

5️⃣ Epatit B ak C
Ka pase plizyè ane san siy. A la long, ka bay doulè nan bò dwat vant lan, po ak zye vin jòn, oswa siwoz.

6️⃣ Glokòm
Pa fè mal. Vizyon an diminye piti piti, sitou sou kote, jiskaske w avèg si pa gen trètman.

7️⃣ VIH
Ka pa bay siy pandan lontan. Lè defans kò a diminye, enfeksyon repete ak fatig ka parèt.

8️⃣ Kansè tete
Pa toujou bay doulè. Yon boul di, chanjman nan fòm tete, oswa likid ki soti nan pwent tete a ka parèt.

9️⃣ Maladi ren kwonik
Souvan san siy. Pi ta, ka gen fatig, pye gonfle, chanjman nan p**i.

🔟 Tibèkiloz latent
Pa bay tous, lafyèv, ni doulè. Men li ka vin aktif epi vin kontajye si li reveye.

🩺 An konklizyon
Lè pa gen doulè sa pa vle di pa gen maladi. Fè egzamen regilyèman, kontwòle tansyon souvan, s*k, san ak p**i ka sove lavi.

📌 Prevansyon se pi bon trètman. 💙

Enfimyè Jovania Georges

Adresse

Rue Damus
Port-au-Prince
509

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Dr Lebrun Reginald publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter La Pratique

Envoyer un message à Dr Lebrun Reginald:

Raccourcis

Partager

Type