06/09/2026
Sispann kite videyo krim ak vyolans anvayi telefòn ou ak lespri w.
https://whatsapp.com/channel/0029Vb6M3PY8qJ01nUfXww16
Se yon ti rapèl enpòtan pou tout fanmi Club Santé Mentale : Le Refuge du Bien-être 💙
Pran swen sante mantal nou kòmanse nan ti detay ak ti prensip nou poze chak jou. Parapò ak reyalite ak anviwonman n ap viv ladan l lan, lespri nou tout frajil jodi a.
Videyo ki gen vyolans ak krim ladan yo pa janm san konsekans sou sante mantal nou, menm lè n ta panse ke nou abitye nan tande osnon gade yo.
Yo ogmante anksyete, kè sote, ak kòlè nan nivo nou pa menm rann nou kont. N ap envite chak moun pou n pran kontwòl algoritm Rezo Sosyal nou, prensipalman Facebook ak Instagram nou yo :
🚫 Pa gade, ni pa pataje videyo ki gen vyolans ak krim.
🛑 Bloke paj oswa kont k ap retransmèt imaj sa yo.
❌ Klike sou "Ça ne m'intéresse pas" oswa "Not interested" touswit lè yon kontni konsa parèt nan fil ou.
Lè n fè sa, n ap montre algoritm lan nou pa bezwen imaj sa yo nan espas nou, epi n ap proteje tèt nou anba yon anpwazonnman vizyèl.
Tape sa ou renmen nan ba rechèch Rezo sosyal ou an, epi lè w jwenn imaj ou kontni ki lye ak li (sa ka rive se bèl jaden, kontni syantifik, liv, elt), klike sou (Ça m'intéresse) ! Sa ap ede nan modèl kontni ki ap vin Jwenn nou. Chwazi sa ki ap fè nou byen !
Pran swen tèt nou ak moun ki pwòch nou, pwoteje sa k ap antre nan lespri ou.
©TiloPSY
Club Santé Mentale : le Refuge du Bien-être