Elohim Complexe Medical

Appeler Itinéraire Contacter le cabinet

Elohim Complexe Medical ELOHIM COMPLEXE MEDICAL

Notre mission est de faciliter l’accès aux soins de santé à la commun

01/10/2026
01/10/2026
🌸 NAN MWA OKTOB ROZ SA A, AN NOU PWOTEJE LAVI MEDAM NOU YO! 🌸Youn nan bagay ki pi tris ak kansè nan tété (cancer du sein...
01/10/2026

🌸 NAN MWA OKTOB ROZ SA A, AN NOU PWOTEJE LAVI MEDAM NOU YO! 🌸
Youn nan bagay ki pi tris ak kansè nan tété (cancer du sein), se paske li pa sèlman touché yon fanm, men li sekwe tout yon fanmi.
Chak ane, gen anpil fanm nan mond lan ki pèdi lavi yo ak maladi sa a. Chak fanm sa yo ki ale:
• Se yon manman ki kite pitit li yo dèyè,
• Se yon madanm k ap kite mari l,
• Se yon pitit fi k ap kite paran l,
• Se yon sè, yon kousin, yon matant, yon marenn, oubyen yon pi bon zanmi...

Nan Lopital Elohim, nou gen yon panse trè espesyal pou chak fanm k ap goumen epi k ap viv ak kansè nan tété jodi a. Nou la avèk nou nan lapriyè, nan sipò ak nan swen!
Men mesaj nou pou w jodi a: Kansè nan tété se pa yon kondamnasyon si li depiste Bonè!
Prevansyon se pi bon zam nou. Depiste se "gran maten", anvan menm sentòm yo vin grav. Nou mande w:
1️⃣ Siveye kò w ak tout ti chanjman nan tété w yo.
2️⃣ Ale fè yon konsultasyon ak yon doktè.
3️⃣ Fè depistaj ou san rete ak san pè.
Nou pa vle kontinye pèdi fanm nou yo nan kansè nan tété anko.
👉 Pataje piblikasyon sa a pou w ka sove yon lavi jodi a!

🏥 Elohim Complexe Médical
📍 30-32, Rue Camille Léon, Port-au-Prince, Haiti
📞 Kontakte nou pou w pran randevou pou depistaj ou jodi a!

06/09/2026

MESAJ DOKTÈ BERTHONY FRANÇOIS POU RANTRE LEKÒL LA

Chè paran, chè elèv, chè timoun, ak tout popilasyon vanyan 2èm Sikonskripsyon Pòtoprens lan,

Nan moman rantre lekòl sa a, mwen vle voye yon mesaj lanmou, ankourajman ak espwa bay nou tout.

Mwen konnen moman n ap travèse a pa fasil. Mwen konnen anpil paran ap fè gwo sakrifis pou jwenn mwayen pou voye pitit yo lekòl. Sitiyasyon ekonomik la difisil, lavi a chè, epi anpil fanmi ap viv nan gwo enkyetid. Men, malgre tout difikilte sa yo, nou pa dwe lage batay pou edikasyon pitit nou yo.

Mwen mande tout paran nan 2èm Sikonskripsyon Pòtoprens lan pou kontinye fè tout sa yo kapab pou voye timoun yo lekòl. Edikasyon se youn nan pi gwo zam nou genyen pou chanje lavi nou, chanje kominote nou ak chanje peyi nou.

Chè timoun mwen yo, ale lekòl ak fòs, ak kouraj ak detèminasyon. Pa dekouraje! Menm lè chemen an difisil, sonje gen yon pi bon demen k ap tann nou. Yon jou, sitiyasyon an ap chanje. Se nou menm, ak konesans nou ak edikasyon nou, k ap kapab bati yon lòt Ayiti.

Mwen vle di tout paran yo: mwen renmen nou, mwen konprann soufrans nou, e mwen konnen sakrifis n ap fè chak jou pou pitit nou yo. Mwen gen anpil lanmou pou tout pèp vanyan 2èm Sikonskripsyon Pòtoprens lan.

Ann rete ini. Ann bay timoun nou yo espwa. Ann ankouraje yo ale lekòl, aprann, grandi epi prepare tèt yo pou lavni.

Paske jodi a ka difisil, men demen kapab pi bon.

Pou rantre lekòl sa a, mwen swete tout timoun yo anpil kouraj, anpil fòs ak anpil siksè.

Bòn rantre lekòl ak tout timoun yo!

Doktè Berthony François
Kandida pou Depite
2èm Sikonskripsyon Pòtoprens

14/08/2026

https://www.facebook.com/share/1CtbmxJUxj/?mibextid=wwXIfr

Dr Berthony François Un médecin au service des plus vulnérables et une voix qui rassemble la jeunesse

Port-au-Prince, Haïti , Lorsqu’un homme choisit de consacrer son énergie, son temps et ses compétences au service des autres, son action dépasse largement les frontières d’une fonction. C’est le message que ses nombreux admirateurs associent aujourd’hui au Dr Berthony François, présenté comme une figure proche de la population et particulièrement attentive aux familles les plus vulnérables.

Dans la deuxième circonscription de Port-au-Prince, son nom suscite de nombreux témoignages de reconnaissance. Pour une partie de la population, il représente cette nouvelle génération de jeunes responsables qui souhaitent mettre leurs compétences au service de la communauté.

Un médecin proche de ceux qui souffrent

Le Dr Berthony François est notamment salué pour son engagement auprès de personnes qui, faute de moyens financiers, ont souvent des difficultés à accéder aux soins. Son parcours médical lui permet d’être au contact quotidien de familles confrontées à des situations particulièrement difficiles.

Parmi les interventions qui ont marqué les esprits, ses sympathisants rappellent notamment le cas récent d’un nourrisson ayant nécessité une intervention médicale délicate. Selon les témoignages rapportés par son entourage, le médecin aurait contribué à sauver la vie de cet enfant alors que sa famille se trouvait dans une situation financière extrêmement difficile.

Au-delà de la médecine, ses partisans mettent également en avant différentes actions sociales qui lui sont attribuées : accompagnement de familles en difficulté, soutien à la scolarisation de jeunes, aide à certaines communautés et initiatives destinées aux personnes qui disposent de très peu de ressources.

l’un des aspects les plus importants de son engagement demeure son rapport avec la jeunesse. Ils voient en lui un jeune professionnel capable de démontrer qu’il est possible de servir son pays avec courage, compétence, détermination et sens de la responsabilité.

Dans les quartiers populaires comme dans plusieurs communautés de la région métropolitaine, ses admirateurs souhaitent voir davantage de jeunes professionnels s’engager dans la vie publique et sociale.

De Carrefour à Martissant, De Fontamara à Bizoton, de Mariani à Gressier, en passant par Léogâne, Delmas, Pétion-Ville et de Champ de Mars , ses partisans affirment vouloir reconnaître le travail qu’ils associent au Dr Berthony François et l’encourager à poursuivre ses initiatives.

À l’approche des prochaines échéances électorales, ses supporters affichent ouvertement leur volonté de continuer à lui accorder leur confiance. Pour eux, l’engagement d’un responsable ne doit pas seulement se mesurer aux discours prononcés pendant une campagne, mais aussi aux actions réalisées auprès de la population.

Ils souhaitent donc que le Dr Berthony François continue à défendre les intérêts des personnes les plus vulnérables, à soutenir la jeunesse et à utiliser son expérience médicale et sociale.

Le Dr Berthony François incarne une génération qui aspire à renouveler la manière de servir la population. Ils mettent en avant son énergie, son courage, sa disponibilité et sa volonté d’agir.

Ils souhaitent surtout que les prochaines élections constituent une occasion de renforcer cette relation de confiance entre le responsable politique et la population.

Dr Berthony François, les témoignages de vos sympathisants vous invitent à poursuivre votre engagement. La population qui croit en votre action vous demande de rester proche d’elle, de continuer à défendre les plus faibles et de mettre votre compétence au service du bien commun.

Dans une Haïti confrontée à d’immenses défis, l’engagement de chaque professionnel capable d’apporter une contribution positive à la société mérite d’être encouragé. Pour ses nombreux soutiens, le Dr Berthony François représente précisément cette volonté servir, aider et continuer à croire en la capacité de la jeunesse haïtienne à construire un avenir meilleur.

Vijilans Press Haïti Votre média préféré.

Adresse

32 Rue Camille Léon (bloc Natcom )
Port-au-Prince
HT8110

Téléphone

+50936699452

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Elohim Complexe Medical publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter Le Cabinet

Envoyer un message à Elohim Complexe Medical:

Raccourcis

Partager

Catégorie