A la Rencontre des Infirmier/ères-ARDII

Appeler Itinéraire Contacter le cabinet

A la Rencontre des Infirmier/ères-ARDII Nous sommes une association d'Infirmier/Ières en Haïti dépuis février 2023. Merci de nous suivre pour ne rien rater. 🤝🏾

Notre mission est de promouvoir les soins Infirmiers, honorer les Infirmiers/ères en mettant en valeur leur travail. Paj sila kreye nan sousi pou pwomote pwofesyon Enfimye a epi valorize pesonel Enfimye yo. ke chak Enfimye angaje pran reponsablite yo pou leve nivo peofesyon an san ke nou pa nan konpetisyon.

12zyèm jounen sansibilizasyon kont kansè nan tete . Prevansyon se yonn nan pi bon trétman kont kansè nan tete.Tout fanm ...
12/10/2026

12zyèm jounen sansibilizasyon kont kansè nan tete .

Prevansyon se yonn nan pi bon trétman kont kansè nan tete.Tout fanm ki nan laj pou fè pitit , fanm ki menopoze dwe toujou fè otopalpasyon tete yo chak mwa. Pa neglije konsilte yon pwofesyonel sante si ou remake nenpòt chanjman nan tete.
Menm si li ra lakay nou Ou menm gason ou ka fe kanse nan tete tou. Donk pa tann se le nou gen doulè pou ale lopital.

Ansanm ansanm nap bare kansè nan tete. Ann komanse jodia.

📷: Nirvara, infirmière nutritioniste
Peterson Ajeun Bony Lepatient Romulus

12/10/2026

Une de mes publications a obtenu plus de 100 réactions la semaine dernière. Merci à tout le monde pour votre soutien ! 🎉

Nou nan 11zyèm jounen depi nap fe kanpay kont maladi kansè nan tete. Kisa Oktòb Wòz reprezante?Oktòb Wòz se yon kanpay e...
11/10/2026

Nou nan 11zyèm jounen depi nap fe kanpay kont maladi kansè nan tete.

Kisa Oktòb Wòz reprezante?
Oktòb Wòz se yon kanpay entènasyonal ki fèt chak ane pou ogmante sansibilizasyon sou kansè nan tete, ankouraje prevansyon, deteksyon bonè ak aksè rapid ak swen.

⚠️ Siy ak sentòm pou pa neglije

• Yon boul oswa yon zòn ki vin pi di nan tete oswa anba bra.
• Yon chanjman nan gwosè oswa fòm tete a.
• Chanjman nan po tete a: po ki vin plise, wouj oswa ki gen aparans etranj.
• Chanjman nan pwent tete a oswa pwent tete ki antre anndan.
• Yon ekoulman ki pa nòmal nan pwent tete a, sitou si gen san.
• Yon doulè oswa yon chanjman ki pèsistan nan tete a.

Prezans youn nan siy sa yo pa vle di otomatikman se kansè. Men nenpòt chanjman ki nouvo oswa ki pèsistan merite yon evalyasyon medikal.

🩺 Mwayen prevansyon ak deteksyon bonè

- Konnen aparans ak fason tete ou nòmalman ye, pou w ka remake nenpòt chanjman.
- Fè konsiltasyon medikal regilyèman.
- Respekte rekòmandasyon pwofesyonèl sante yo pou depistaj selon laj ak faktè risk.
- Pratike aktivite fizik epi adopte yon alimantasyon ekilibre
- Evite tabak epi limite konsomasyon alkòl.
- Pa tann yon sentòm vin grav anvan ou chèche konsèy medikal.

🎀 Enfòme tèt nou. Obsève kò nou. Fè depistaj lè sa nesesè. Chèche swen bonè.

Kansè nan tete kapab touche fanm kou gason. Sansibilizasyon, prevansyon ak deteksyon bonè se yon responsablite nou tout.

📷: NAZULUS Sergeline
Enfimyè Lisansye Militante Angaje


10/10/2026

10 OKTÒB — JOUNEN MONDYAL SANTE MANTAL

Sante mantal enpòtan tou nan batay kont kansè nan tete. Nan kad Jounen Mondyal Sante Mantal la, ann panse ak tout fanm k ap fè fas ak kansè nan tete, ansanm ak tout moun k ap viv ak laperèz, enkyetid, tristès ak estrès pandan maladi a.
Lè yon fanm aprann li gen kansè nan tete, se pa kò li sèlman ki bezwen swen. Lespri li ak emosyon li bezwen atansyon tou. Tretman yo, chanjman nan aparans kò a, enkyetid pou lavni ak depans medikal yo kapab mete yon gwo chay sou sante mantal li.

Men 5 bagay enpòtan pou soutni yon moun kap viv a kansè nan tete:
💗 Koute fanm ki malad yo san nou pa jije yo.
💗 Bay yo lanmou, sipò ak ankourajman.
💗 Pa minimize doulè emosyonèl yo.
💗 Ankouraje yo chèche sipò sikolojik lè yo bezwen sa.
💗 Pa kite okenn fanm santi li poukont li nan batay sa a.

Moun k ap viv ak kansè nan tete pa bezwen pitye sèlman; yo bezwen respè, konpreyansyon, akonpayman ak espwa.
Pran swen sante mantal se yon pati nan pran swen tèt nou. Mande èd lè sa nesesè se pa yon siy feblès, se yon pa nan direksyon byennèt. Jodi a, ann bay tout moun k ap konbat kansè nan tete yo yon espas pou yo pale, pou yo kriye si yo bezwen sa, pou yo jwenn soutyen epi pou yo kontinye viv ak diyite.

Pa bliye: ou pa poukont ou. Sante mantal ou konte. Lavi w gen valè. 💗

fans

Jour 10Entre le travail, les enfants, la famille et toutes vos responsabilités, vous pensez souvent à tout le monde avan...
10/10/2026

Jour 10

Entre le travail, les enfants, la famille et toutes vos responsabilités, vous pensez souvent à tout le monde avant de penser à vous même.
Mais votre santé aussi a besoin de votre attention.
Aujourd'hui, nous portons le rose pour rappeler l'importance de prendre soin de sa santé, d'encourager ses proches à se faire dépister et de témoigner notre solidarité aux combattantes, aux survivantes et aux familles concernées.
Chaque geste compte : s'informer, partager un message de prévention, soutenir une association ou simplement tendre la main à une personne dans le besoin.
Ensemble, faisons grandir l'espoir, renforçons la sensibilisation et luttons contre le cancer du sein.Aujourd’hui, prenez soin de vous. Demain pourrait en dépendre.

📷: ALEXIS Regine, infirmière

Pa janm neglije ke kansè kapap rive nan estad konplikasyonPran swen tèt ou fanm
09/10/2026

Pa janm neglije ke kansè kapap rive nan estad konplikasyon
Pran swen tèt ou fanm

J9 depi nap sansibilize sou prevansyon kont kansè nan tete. 𝐊𝐚𝐧𝐬𝐞̀ 𝐬𝐞 𝐲𝐨𝐧 𝐦𝐚𝐥𝐚𝐝𝐢 𝐤𝐨𝐭𝐞 𝐠𝐞𝐧 𝐤𝐞̀𝐤 𝐬𝐞𝐥𝐢𝐥 𝐧𝐚𝐧 𝐤𝐨̀ 𝐚 𝐤𝐚𝐩 𝐝𝐞𝐯𝐥𝐨...
09/10/2026

J9 depi nap sansibilize sou prevansyon kont kansè nan tete.

𝐊𝐚𝐧𝐬𝐞̀ 𝐬𝐞 𝐲𝐨𝐧 𝐦𝐚𝐥𝐚𝐝𝐢 𝐤𝐨𝐭𝐞 𝐠𝐞𝐧 𝐤𝐞̀𝐤 𝐬𝐞𝐥𝐢𝐥 𝐧𝐚𝐧 𝐤𝐨̀ 𝐚 𝐤𝐚𝐩 𝐝𝐞𝐯𝐥𝐨𝐩𝐞 𝐲𝐨𝐧 𝐟𝐚𝐬𝐨𝐧 𝐤𝐢 𝐩𝐚 𝐧𝐨̀𝐦𝐚𝐥, 𝐲𝐨 𝐠𝐫𝐚𝐧𝐝𝐢 𝐞 𝐦𝐢𝐥𝐭𝐢𝐩𝐥𝐢𝐲𝐞 𝐫𝐚𝐩𝐢𝐝 𝐦𝐚𝐥𝐠𝐫𝐞 𝐲𝐨 𝐩𝐚 𝐞𝐧𝐩𝐨̀𝐭𝐚𝐧 𝐩𝐨𝐮 𝐤𝐨̀ 𝐚.
𝐘𝐨 𝐤𝐚 𝐟𝐨̀𝐦𝐞 𝐦𝐚𝐬 (𝐭𝐮𝐦𝐞𝐮𝐫) 𝐨𝐮𝐛𝐲𝐞𝐧 𝐠𝐚𝐲𝐞 𝐧𝐚𝐧 𝐤𝐨̀ 𝐚 (𝐦𝐞́𝐭𝐚𝐬𝐭𝐚𝐬𝐞).
𝐏𝐥𝐢𝐳𝐲𝐞̀ 𝐩𝐚𝐭𝐢 𝐧𝐚𝐧 𝐤𝐨̀ 𝐚 𝐤𝐚 𝐝𝐞𝐯𝐥𝐨𝐩𝐞 𝐤𝐚𝐧𝐬𝐞̀ 𝐭𝐚𝐧𝐤𝐨𝐮: 𝐦𝐚𝐭𝐫𝐢𝐬(𝐟𝐚𝐧𝐦), 𝐩𝐨𝐮𝐦𝐨𝐧, 𝐥𝐞𝐬𝐭𝐨𝐦𝐚𝐤, 𝐟𝐰𝐚, 𝐭𝐞𝐭𝐞 𝐞𝐥𝐚𝐭𝐫𝐢𝐲𝐞...

𝐎𝐤𝐭𝐨̀𝐛 𝐖𝐨𝐳 𝐬𝐞 𝐲𝐨𝐧 𝐤𝐚𝐩𝐚𝐲 𝐞𝐧𝐭𝐞̀𝐧𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧𝐚𝐥 𝐤𝐢 𝐠𝐞𝐧 𝐩𝐨𝐮 𝐛𝐢 𝐬𝐚𝐧𝐬𝐢𝐛𝐢𝐥𝐢𝐳𝐞 𝐟𝐚𝐧𝐦 𝐬𝐨𝐮 𝐤𝐚𝐧𝐬𝐞̀ 𝐧𝐚𝐧 𝐭𝐞𝐭𝐞.

𝐊𝐚𝐧𝐬𝐞̀ 𝐧𝐚𝐧 𝐭𝐞𝐭𝐞 𝐟𝐫𝐚𝐣𝐢𝐥 𝐚𝐧𝐩𝐢𝐥, 𝐥𝐢 𝐤𝐚 𝐭𝐨𝐮𝐜𝐡𝐞 𝐭𝐨𝐮𝐭 𝐟𝐚𝐧𝐦 𝐤𝐞̀𝐥𝐤𝐞𝐬𝐰𝐚 𝐥𝐚𝐣 𝐥𝐢 𝐞 𝐥𝐢 𝐤𝐨𝐧𝐧 𝐩𝐨𝐭𝐞 𝐤𝐞̀𝐤 𝐬𝐢𝐲 𝐭𝐚𝐧𝐤𝐨𝐮 𝐠𝐰𝐨 𝐝𝐨𝐮𝐥𝐞̀, 𝐜𝐡𝐚𝐧𝐣𝐦𝐚𝐧 𝐬𝐨𝐮 𝐩𝐨, 𝐭𝐰𝐨𝐮𝐛 𝐞𝐦𝐨𝐬𝐲𝐨𝐧𝐞̀𝐥 𝐞𝐥𝐚𝐭𝐫𝐢𝐲𝐞... 𝐌𝐞𝐧 𝐛𝐨𝐧 𝐧𝐨𝐮𝐯𝐞̀𝐥 𝐥𝐚 𝐬𝐞̀𝐤𝐞 𝐚𝐯𝐞̀𝐤 𝐩𝐫𝐞𝐯𝐚𝐧𝐬𝐲𝐨𝐧, 𝐝𝐞𝐭𝐞𝐤𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐛𝐨𝐧𝐞̀ 𝐞𝐩𝐢 𝐲𝐨𝐧 𝐭𝐫𝐞𝐭𝐦𝐚𝐧 𝐚𝐩𝐰𝐨𝐩𝐫𝐢𝐲𝐞 𝐦𝐨𝐮𝐧 𝐧𝐚𝐧 𝐤𝐚 𝐫𝐞𝐭𝐨𝐮𝐧𝐞𝐧 𝐯𝐢𝐯 𝐧𝐨̀𝐦𝐚𝐥𝐦𝐚𝐧 𝐚𝐩𝐫𝐞̀ 𝐲𝐨𝐧 𝐤𝐚𝐧𝐬𝐞̀ 𝐧𝐚𝐧 𝐭𝐞𝐭𝐞.

𝐒𝐚𝐰 𝐝𝐰𝐞 𝐤𝐨𝐧𝐧𝐞𝐧 : 𝐩𝐚 𝐭𝐚𝐧𝐧 𝐬𝐞 𝐥𝐞̀ 𝐰 𝐬𝐚𝐧𝐭𝐢 𝐲𝐨𝐧 𝐛𝐚𝐠𝐚𝐲 𝐩𝐨𝐮 𝐰 𝐩𝐚𝐧𝐢𝐤𝐞 𝐦𝐞𝐧 𝐭𝐨𝐮𝐣𝐨𝐮 𝐟𝐞̀ 𝐭𝐜𝐡𝐞̀𝐤 𝐫𝐞𝐠𝐢𝐥𝐲𝐞 𝐩𝐨𝐮 𝐦𝐞𝐭 𝐭𝐞̀𝐭 𝐨𝐮 𝐚𝐧 𝐬𝐞𝐤𝐢𝐫𝐢𝐭𝐞, 𝐭𝐨𝐮𝐣𝐨𝐮 𝐞𝐯𝐚𝐥𝐲𝐞 𝐭𝐞𝐭𝐞 𝐲𝐨 𝐜𝐡𝐚𝐤 𝐦𝐰𝐚 𝐬𝐢𝐭𝐨𝐮 𝐚𝐩𝐫𝐞̀ 𝐫𝐞̀𝐠 𝐞𝐩𝐢 𝐩𝐚 𝐩𝐞̀ 𝐩𝐚𝐥𝐞 𝐬𝐢𝐰 𝐬𝐚𝐧𝐭𝐢 𝐲𝐨𝐧 𝐛𝐚𝐠𝐚𝐲.

𝐅𝐞̀ 𝐲𝐨𝐧 𝐦𝐨𝐦𝐨𝐠𝐫𝐚𝐟𝐢 𝐜𝐡𝐚𝐤 𝐲𝐨𝐮𝐧 𝐨𝐮𝐛𝐲𝐞𝐧 𝟐 𝐥𝐚𝐧𝐞.
𝐒𝐢𝐰 𝐫𝐞𝐦𝐚𝐤𝐞 𝐝𝐨𝐮𝐥𝐞̀, 𝐥𝐢𝐤𝐢𝐝 𝐧𝐚𝐧 𝐭𝐞𝐭𝐞, 𝐜𝐡𝐚𝐧𝐣𝐦𝐚𝐧 𝐬𝐨𝐮 𝐩𝐨, 𝐛𝐨𝐮𝐥 𝐨𝐮𝐛𝐲𝐞𝐧 𝐬𝐢𝐰 𝐠𝐞𝐧 𝐟𝐚𝐧𝐦𝐢 𝐤𝐢 𝐭𝐞 𝐟𝐞̀ 𝐤𝐚𝐧𝐬𝐞̀ 𝐝𝐞𝐣𝐚 𝐩𝐚 𝐧𝐞𝐠𝐥𝐢𝐣𝐞 𝐚𝐥 𝐰𝐞̀ 𝐝𝐨𝐤𝐭𝐞̀ 𝐩𝐨𝐮𝐰 𝐩𝐚𝐥𝐞 𝐬𝐨𝐮 𝐬𝐚.

𝐌𝐞𝐲𝐞̀ 𝐟𝐚𝐬𝐨𝐧 𝐩𝐨𝐮𝐰 𝐩𝐫𝐚𝐧 𝐬𝐰𝐞𝐧 𝐭𝐞̀𝐭 𝐨𝐮 𝐬𝐞 𝐥𝐞̀𝐰 𝐟𝐞̀ 𝐩𝐫𝐞𝐯𝐚𝐧𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐩𝐨𝐮𝐰 𝐩𝐚 𝐭𝐨𝐧𝐛𝐞 𝐦𝐚𝐥𝐚𝐝. 𝐏𝐚 𝐧𝐞𝐠𝐥𝐢𝐣𝐞 𝐟𝐞̀ 𝐝𝐞𝐩𝐢𝐬𝐭𝐚𝐣 𝐛𝐨𝐧𝐞̀.
𝐏𝐫𝐞𝐯𝐚𝐧𝐬𝐲𝐨𝐧+𝐝𝐞𝐩𝐢𝐬𝐭𝐚𝐣 𝐛𝐨𝐧𝐞̀ = 𝐬𝐨𝐯𝐞 𝐥𝐚𝐯𝐢

09/10/2026

Ki kote nou ka fè depistaj kansè nan tete an ayiti ?

09/10/2026
Gade ansanm kèk etap pou palpte tetew...
08/10/2026

Gade ansanm kèk etap pou palpte tetew...

Adresse

29, Rue Lamartinière, Bois Verna
Port-au-Prince

Téléphone

+50933724644

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque A la Rencontre des Infirmier/ères-ARDII publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter Le Cabinet

Envoyer un message à A la Rencontre des Infirmier/ères-ARDII:

Raccourcis

Partager

Catégorie