03/08/2026
KISA "JENOU VARUM" YE? (Pye kanbra)
Èske w janm remake gen timoun oswa granmoun ki gen jenou yo ki rete lwen youn ak lòt lè pye yo kole ansanm? Sa rele **genou varum** — an franse "genu varum", oswa nou konnen l tou kòm "jenou zago" oswa "bow-legs" an angle.
📌 KIJAN POU REKONÈT LI?
Lè yon moun kanpe dwat, pye li kole ansanm nan nivo cheviy:
✅ Jenou yo ta dwe prèske touche youn ak lòt
❌ Nan genou varum, gen yon gwo espas ki rete ant de jenou yo — janm yo fè fòm lèt "O"
KISA KI KOZ SA?
• Devlopman nòmal timoun piti (souvan disparèt pou kont li anvan 3-4 lane)
• mank nan vitamin D (rachitism)
• Blese oswa zo kase ki pa geri byen
• Kondisyon jenetik oswa metabolik
• Sipoze depaman nan zo a pandan grandi
💪 KOMAN FIZYOTERAPI KA EDE NAN KA SA?
1 - Egzèsis pou ranfòse mis kwis yo (kwadrisèp, ichyo-jambye) pou bay jenou a plis sipò
2 - Egzèsis etirman pou ekilibre tansyon mis ki antoure jenou an.
3 - Korije pozisyon pye — analiz fason moun nan mache pou idantifye move abitid yo.
4 - Egzèsis pwoprioseptif (ekilibraj) pou amelyore estabilite jenou yo.
5 - Sipò ak òtopedis - nan kèk ka, yo ka rekòmande soulye espesyal oswa semèl òtopedik pou soulaje presyon sou jenou yo.
6 - Swivi pwogresif — pou timoun piti, souvan nou jis siveye pandan y ap grandi; pou granmoun, tretman an ka pran plis tan.
🩺 ENPÒTAN:
Si w gen jenou varum ki grav, ki ap fè w mal, oswa ki pa amelyore, ale wè yon "fizyoterapèt"oswa yon "medsen espesyalis nan zo (òtopedis)" pou yon evalyasyon konplè.
Kèk ka pi grav ka mande operasyon.
👉 Pa neglije sa!Yon jenou varum ki pa trete ka vin bay doulè nan jenou, tibia, ak menm nan do pi devan nan lavi w.
👉 Kontakte PHYSIO PRO SERVICES pou yon evalyasyon ak yon pwogram adapte ak bezwen ou.
📞 3622 3826
PHYSIO PRO SERVICES
🦵 Mobilité • Bien-être • Réhabilitation