10/16/2026
Doulè anba ti vant pandan gwosès, ki sa ki ka lakòz li?
Pandan gwosès, kò fanm nan sibi anpil chanjman. Kèk nan chanjman sa yo ka lakòz doulè nan pati anba vant lan.
Kwasans matris la
Pandan tibebe a ap grandi, matris la ap elaji, sa ka lakòz ti kranp oswa yon sansasyon rale anba vant lan.
Detire ligaman yo
Ligaman ki soutni matris la detire pandan gwosès la, la ka lakòz doulè sou youn oswa toude bò anba vant lan, sitou lè fanm nan leve, mache, touse oswa vire kò li rapid.
Gaz ak konstipasyon
Òmòn gwosès yo ka ralanti dijesyon, sa ka lakòz gaz, vant gonfle ak doulè anba vant lan.
Enfeksyon nan aparèy urinè
Yon enfeksyon nan p**i ka lakòz doulè anba vant, boule lè w ap p**i, anvi p**i souvan oswa p**i ki gen move sant.
Kontraksyon matris
Lè matris la sere epi lage, fanm ansent lan ka santi vant li vin di epi apre sa li rilaks. Si sa rive regilyèman, sitou anvan 37 semèn gwosès, sa ka yon siy akouchman twò bonè.
KI LÈ DOULE A KA DANJERE?
Fanm ansent lan dwe chèche swen medikal tousuit si li gen🙌
Doulè ki fò anpil oswa ki pa sispann
Senyen nan vajen
Doulè anba vant ansanm ak tèt vire oswa endispozisyon
Lafyèv oswa frison
Likid k ap koule nan vajen
Kontraksyon ki repete regilyèman
Gwo maltèt oswa doulè nan pati anwo vant lan
Doulè sou yon sèl bò, sitou nan premye mwa gwosès yo
Siy sa yo ka endike yon konplikasyon, tankou gwosès deyò matris, foskouch oswa akouchman twò bonè.
KISA FANM ANSENT LAN KA FÈ?
Repoze epi evite efò fizik ki ogmante doulè a
Bwè ase dlo
Evite pran medikaman san konsèy yon pwofesyonèl sante
Konsilte yon pwofesyonèl sante si doulè a pèsiste oswa retounen souvan
Sonje byen, doulè anba ti vant pa toujou vle di gen yon pwoblèm ak tibebe a. Men, li enpòtan pou konnen ki lè pou chèche swen.
Pataje, abòne
Nurse Lourdemia 🧑⚕️🩺🌄