08/09/2026
Fasonw ye se konsa Espri ou ye .
Depi nan ansyen tan zansèt nou yo te konn viv ak Espri yo selon prensip lakou oubyen prensip tribi yo , men pami tout prensip ki egziste ou menm ou gen pwòp prensip ou tou ki pral pran nèsans , siw chwazi brigan tout Espri kap mache ak ou yo ap vin menm jan an tou e siw chwazi sajès ak lanmou ebyen tout ap konsa tou !
Espri yo pran fòm ou ak fason ou ye pou yo fè pase mesaj yo vle , sa vle di siw malèdve Espri an monte lap fè pase mesaj li an fasonl jwenn ou , siw saj tou se menm jan an . Se pou sa ou dwe aprann metrize ou de tout sa ki pa nòmal nan vi Kotindyèn ou, premye prensip yo se ou ki dwe bay tèt ou yo, se ou ki dwe fè lanmou donnen andanw, se ou ki dwe kanalize tèt ou konsa pou Espri yo edew nan direksyon ou pran an .
Siw leve jwenn yon ansanm prensip nan Bitasyon oubyen lakou kote ou fèt, ou dwe respekte tout , ou ka toujou modifye kèk bagay e kreye nouvo tou , m'en ou dwe toujou proteje baz prensip ou te vin jwenn nan .
Chak Sosyete ki egziste andan Vodou an gen pwòp prensip ak Regleman pa yo kit li te Bizango, Makaya , Chanpwèl , Vlengendeng elatriye...
Depi w pa respekte prensip leve jwenn yo lap yon malè pandye pou ou , pandan wap respekte prensip ou te vin jwenn ou ka kreye pwòp paw tou.
Ou ka chwazi kreye pwòp bitasyon w ak lakou oubyen demanbre w ak pwòp prensip ou e se li tout Espri yo ap vin konnen tou .
Si ou gen Lwa Nèsans oubyen Lwa ki reklame w ou ka ba yo pwòp prensip ak regleman pa ou e yap respekte sa tou , tout Moun ki pral vin sèvi yo lèw travèse ap gen pou respekte prensip ou te bay la tou .
Fasonw ye se fason sa Lwa ou ye tou , sèlman Lwa ki sou dimansyon Gad yo pafwa ki pa aksepte prensip moun siw pa jouke yo , m'en pafwa yo konsa se pa san rezon paske sa nan nati yo menm .
Lwa yo ki sou dimansyon Gad la renmen fè rebèl se paske yo Cho anpil , pafwa anpil moun Di yo mechan, gen Moun ki Di yo se move Espri Enfènal m'en se pa vre .
Bay Lwa ou prensip ou ak Regleman ou , ou menm tou respekte prensip yo ak Regleman ou bay la se konsa y ap vin adapte a ou e respekte prensip ou yo tou .
Chak bitasyon, demanbre, lakou gen yon seri de prensip ke tout Moun ki vini aprè dwe respekte .
Se menm jan ou te respekte Grann ou ak gran papaw nan vivan ebyen nan lanmò yo ou dwe toujou rete ak menm respè sa konsa tout Enèji yo te genyen pou ou nan vivan ap toujou la pou protejew menm si yo travèse.