Mon Nex Les relations avec les narcissiques sont destructrices.

Apprenez à reconnaitre les traits narcissiques de votre partenaire et comment quitter cette relation et mettre un terme au cycle d'abus.

Urgent !!!Si yon moun gen kontak Neiy Fanm okap, tanpri di li kontakte Mon Nex. Madanm nan pran anba pi move kategori na...
05/15/2026

Urgent !!!
Si yon moun gen kontak Neiy Fanm okap, tanpri di li kontakte Mon Nex.
Madanm nan pran anba pi move kategori nasisis ki egziste. Reyaksyon li se reyaksyon tout vrè viktim nasisik genyen. Sispann jije li. Yon jou na wè vrè vizaj papa pitit li a, ki malerezman gen pou fè bouvo madanm li an pi mal ke sa li fè èks li a.

Mon ex et moi avons repris contact. Que dois-je faire ?S'il a repris contact avec vous et que c'est lui qui est a l'orig...
02/13/2026

Mon ex et moi avons repris contact. Que dois-je faire ?

S'il a repris contact avec vous et que c'est lui qui est a l'origine de la séparation alors là je demande de faire un silence radio montrez-lui que vous aviez tourné la page montrez-lui que vous êtes joyeuse avec votre “nouvelle vie”,faites du recul ce n'est pas parce qu'on n'aime qu'on doit subir

A vous lire je crois que vous n'êtes pas indifférente de son retour vers vous. Peut-être vous attendiez ce moment depuis la fin de la séparation…

Il faut penser comment vous avez souffert pendant la période de la séparation.

Est ce que vous aller tenir le choc si cette relation finissait mal pour une deuxième fois? Si vous répondez à cette question vous avez votre réponse.

Pran yon chodyè dlo frèt, mete yon krapo ladann epi mete li sou dife. W ap remake ke krapo a ap rete ladann. Pandan dlo ...
01/08/2026

Pran yon chodyè dlo frèt, mete yon krapo ladann epi mete li sou dife. W ap remake ke krapo a ap rete ladann. Pandan dlo a ap chofe, krapo a pral eseye adapte li ak tanperati dlo a. Plis dlo a vin pi cho, plis li ap fè efò pou adapte li jiskaske enèji li fini. Lè dlo a rive nan nivo kote li ap bouyi, krapo vin pa gen ase fòs pou sote sòti nan chodyè a. Se lè sa li reyalize lavi li vrèman menase...ase souvan li konn twò ta epi li rete bouyi nan dlo a...kidonk, mouri.

Teorya sa a baze sou rezilta ki montre si dlo a chofe nan yon vitès 0.02 degre Sèlsiyis pa minit, krapo a ap rete san mouvman epi mouri le dlo a vin twò cho.

Nan kontèks relasyon abizif, ase souvan relasyon yo pa kòmanse avèk gwo “flanm dife”, men ak ti zak vyolasyon ki ogmante piti piti, tankou 0.02 pwen pa fwa( ti remak, ti pawòl yo konsidere kòm blag, ti mèd, ti tap, frape men sou tab, rele sou ou, kraze telefòn, ti grèv bèbè, elatriye).

Relasyon sa yo souvan kòmanse tankou nenpòt lòt relasyon nòmal, konsa yo parèt bèl, men malerezman, yo pa pran tan pou pran lòt chemen. Ti konpòtman denigran, swa nan blag swa nan gravite, ka mennen nan sitiyasyon ekstrèm. Li vrèman difisil pou konprann kijan yon moun ou renmen anpil e ki di li renmen ou ka aji konsa. Kidonk ou chèche ekskiz oswa konvenk tèt ou yo egziste....ou eseye adapte w menm jan ak krapo a.

Gen eleman nan konpòtman lòt moun nan ki, kit se abi emosyonèl, vèbal oswa fizik, si ou inyore yo, yo pral pran w rapidman nan yon relasyon toksik. Ti siy imilyasyon, ensilt vèbal ki gen rapò ak aparans ou, entèlijans ou, valè ou. Abi fizik kache nan yon men leve oswa yon rale bra. Chanjman emosyonèl soudin, soti nan womans pou rive nan kòlè, soti nan lajwa pou rive nan vyolans. Si ou fè yon “erè,” ou pral pini epi trete tankou yon timoun dezobeyisan, e fasil vin koz tout sa ki mal nan lavi ou ak konpòtman patikilye patnè a. E ou rete la, espere bagay yo ka chanje.

Men konnen ke moun ki abize yo se moun ki gen gwo pwoblèm emosyonèl ak sikolojik, e san ou pa reyalize, lè ou rete nan relasyon an, tout sa w ap fè se ankouraje epi sipòte konpòtman yo.

Se pa fòt ou pou konpòtman vyolan ak abizif yon lòt moun, e li menm plis klè ke ou merite pou yo trete ou ak respè, pou w viv ak sans sekirite ak lajwa nan yon relasyon.

Ou toujou ka pale de sa ak yon moun ou fè konfyans, epi menm pi byen ak yon moun espesyal; eksprime sa, redefine li, louvri je w, wè, epi pran kouraj pou avanse.
Ou ka kontakte Mon Nex !

Ref: The "boiled frog syndrome" by Olivier Clerc

01/08/2026
Gen de moun ki soti nan lavi w se pi gwo benediksyon lanati te ka ba ou !
01/05/2026

Gen de moun ki soti nan lavi w se pi gwo benediksyon lanati te ka ba ou !

01/04/2026

Pa janm tounen ak ansyen mennaj, fanmi, zanmi ki te (vle)detwi karaktè ou, karyè ou, relasyon ou elatriye.
Menmsi yon koulèv jete po li, li toujou rete yon koulèv !

12/31/2025

Gen yon moun ki ap pase fèt fen dane yo ak èks ou a nan moman an ki reyalize ou te gen rezon...
Kite l jere tèt fè mal li poukont li.
Bòn Ane !

Nou konprann ?
12/31/2025

Nou konprann ?

Address

Twin Falls, ID
83301

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Mon Nex posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Practice

Send a message to Mon Nex:

Share

Category